Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
9 Pou yon moun antre sou lis vèv yo, yon madanm dwe genyen 60 an. Li dwe yon madanm ki te marye epi ki rete fidèl ak mari l.[a] 10 Fòk tout moun konnen valè bon bagay li te fè: li te elve timoun li, li te konn byen resevwa moun lakay li, li te konn rann lòt kretyen sèvis nan fason yon sèvant konn fè sa,[b] li te konn ede malere yo epi li te konn fè tout kalite bon bagay.
11 Men, pa mete yon madanm ki pi jèn sou lis vèv yo. Paske lè bezwen fizik yo debranche yo nan angajman ak Kris, yo pral vin vle remarye. 12 Konsa, yo vin koupab nan renonse yo renonse ak premye pwomès yo te fè a. 13 Pi plis ankò, jèn vèv sa yo vin ap gaspiye tan yo nan mache de kay an kay. Epi, pi plis toujou, yo vin renmen pale anpil epi foure bouch nan sa k pa mele yo epi rakonte sa yo pa dwe rankonte. 14 Poutèt sa, mwen vle pou jèn vèv yo marye, fè pitit, epi pou yo pran swen kay yo. Si yo fè sa konsa, lènmi nou yo p ap jwenn anyen mal pou yo di sou nou. 15 Men kèk nan vèv ki pi jèn yo gentan vire do yo ale jwenn Satan.
16 Lè yon dam ki kretyen genyen vèv nan fanmi li, li[c] dwe pran swen yo, li menm. Konsa, legliz p ap bezwen pran responsabilte a. Legliz va kapab pran swen vèv ki pa gen pèsòn pou ede yo.
Copyright © 2017 by Bible League International