Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 127 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Rit 4:11-17' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 9:15-24

15 Se poutèt sa Kris negosye yon nouvo pwomès pou pèp li a. Konsa tout moun Bondye chwazi yo ap ka jwi eritaj etènèl Bondye te pwomèt yo. Sa posib paske Kris te mouri pou libere lèzòm anba peche yo te komèt lè yo te nan premye pwomès la.

16 Lè gen yon testaman,[a] li enpòtan pou gen prèv ki montre mèt testaman an mouri. 17 Yon testaman pa vo anyen toutotan mèt testaman an vivan. Se lè mèt testaman an mouri sèlman moun ap ka kòmanse aplike sa k ladan l. 18 Se sa k fè menm premye kontra a te bezwen san koule pou bay prèv te gen lanmò anvan moun te kòmanse aplike l. 19 Premye bagay Moyiz te fè, se te li tout kòmannman lalwa yo jan yo ye a. Apre sa, li te pran san jèn towo bèf yo,[b] li melanje l avèk dlo. Lè l fini, li sèvi ak yon moso lèn wouj avèk branch izòp pou l te ka simen kèk gout sou liv lalwa a ak sou tout pèp la. 20 Li di: “Sa a se san ki montre valè kontra Bondye mande pou n respekte a.”[c] 21 Menm jan an tou, Moyiz te simen san sou Tant lan tou ak tout sa yo te konn sèvi ladan l pou fè adorasyon Bondye. 22 Prèske tout bagay pirifye ak san selon lalwa Moyiz la. Moun pa ka jwenn padon pou peche yo si pa gen san ki koule.

Jezikri se sakrifis pou peche nou

23 Bagay sa yo se reprezantasyon bagay ki egziste nan syèl la tout bon vre. Yo te sèvi san bèt pou pirifye reprezantasyon sa yo. Men bagay ki reyèl yo bezwen pi bon sakrifis pou pirifye yo. 24 Kris te antre Kote ki pi Sen an, men se pa sa lèzòm te fè a. Sa lèzòm te fè a, se te yon reprezantasyon li te ye sèlman. Li te antre nan syèl la epi se la li ye kounye a, nan prezans Bondye, pou l defann koz nou.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International