Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
20 ¶ (18:21) Seyè a ban m' rekonpans mwen, paske li wè m' mache dwat devan li. Li ban m' benediksyon, paske li wè mwen inonsan.
21 (18:22) Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa vire do bay Bondye m' lan pou m' fè sa ki mal.
22 (18:23) Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo.
23 (18:24) Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal.
24 (18:25) Se konsa li ban m' rekonpans mwen, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan.
25 (18:26) Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo. Ou bon ak moun ki bon.
26 (18:27) Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou, men ou malen ak moun ki malen.
27 (18:28) Ou delivre moun ki soumèt devan ou, men ou desann moun ki konprann yo pa kanmarad pesonn.
28 (18:29) Seyè, ou se limyè mwen, ou se Bondye mwen. Se ou ki wete m' nan fènwa kote m' te ye a.
29 ¶ (18:30) Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m' yo ki ame jouk nan dan. Avèk ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans.
30 (18:31) Bondye oo! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
3 ¶ Kèk tan apre sa, Naomi di Rit konsa: -Pa pito m' chache yon mari pou ou, pou ou ka viv ak kè poze lakay ou?
2 Ou chonje Bòz, pa vre? Mèt jaden kote ou te ye ansanm ak medam yo? Bon! Ou chonje mwen te di ou se yon fanmi pre nou li ye! Bon. Koute! Aswè a, yo pral vannen lòj yo fin bat yo.
3 Al benyen. Mete odè sou ou, mete pi bèl rad ou sou ou. Epi ale bò glasi a, kote y'ap vannen an. Men, pa kite Bòz konnen ou la. W'a tann li fin manje, li fin bwè diven anvan.
4 Lè sa a, w'a gade byen kote li al kouche. Lè w'a wè dòmi pran l', ou va ale, w'a leve pwent dra ki kouvri pye l' yo, epi w'a kouche kouche ou la, bò kote l'. Li menm l'a di ou sa pou ou fè apre sa.
5 Rit reponn li: -M'a fè tou sa ou di m' fè.
6 ¶ Se konsa Rit leve vre, li ale bò glasi a, li fè sa bèlmè li te di l' fè a.
7 Lè Bòz fin manje, lè li fin bwè diven, kè l' te kontan. Li al kouche bò yon pil pay lòj, epi dòmi pote l' ale. Lè sa a, Rit pwoche tou dousman, li leve pwent dra ki te kouvri pye l' yo, epi li kouche la bò kote l'.
17 ¶ Lè a t'ap pwoche pou Bondye te kenbe pwomès li te fè Abraram lan. Pèp nou an te vin anpil, chak jou li t'ap vin pi plis toujou nan peyi Lejip la.
18 Yon lòt wa ki pa t' konnen anyen sou Jozèf te pran kòmandman peyi a.
19 Wa sa a twonpe pèp nou an, li maltrete zansèt nou yo: li fòse yo kite tibebe ki fenk fèt yo deyò pou yo mouri.
20 Se lè sa a Moyiz te fèt: se te yon bèl pitit devan Bondye. Yo te kenbe l' pandan twa mwa lakay papa li pou ba l' tete.
21 Men, lè yo te lage l' deyò a, pitit fi farawon an te ranmase l': li elve l' tankou pitit pa li.
22 Se konsa Moyiz te vin gen tout konesans moun peyi Lejip yo. Sou jan l' te pale ak sa l' t'ap fè, yo te wè msye te fò anpil.
23 Lè Moyiz vin gen karantan, li fè lide al vizite frè l' yo, moun pèp Izrayèl yo.
24 Lè l' rive, li wè yon moun peyi Lejip ki t'ap maltrete yonn nan frè l' yo, li pran defans nonm yo t'ap maltrete a. Li pran revanj li sou moun peyi Lejip la, li touye li.
25 Li te kwè frè l' yo ta konprann travay Bondye ki te chwazi l' pou delivre yo a. Men, yo pa t' konprann sa.
26 Nan denmen, Moyiz wè de nan moun pèp Izrayèl yo ki t'ap goumen. Li te vle fè yo byen ankò, li di yo: Mezanmi, se frè nou ye. Poukisa yonn ap maltrete lòt konsa?
27 Men, sa ki t'ap maltrete moun pèp Izrayèl parèy li a bay Moyiz yon zòp, li di l' konsa: Kilès ki mete ou la pou ban nou lòd, osinon pou jije nou?
28 Gen lè ou vle touye m' menm jan ou te touye moun peyi Lejip ayè a?
29 Lè Moyiz tande pawòl sa yo, li kouri kite peyi a, li al viv nan peyi Madyan. Antan l' te la, li fè de pitit gason.