Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
23 Gen yon lòt diferans ankò: lè youn nan lòt prèt yo te mouri, misyon l kòm prèt te rive nan bout li. Sa fè yo te oblije genyen yon bann prèt. 24 Men, Jezi vivan pou letènite. Misyon l kòm prèt p ap janm fini. 25 Konsa, Jezi gen pouvwa pou l sove nètale tout moun ki vin jwenn Bondye pa mwayen li menm. Li toujou vivan epi li vle entèsede pou tout moun ki pwoche bò kote Bondye.
26 Donk, Jezi se kalite prèt nou bezwen an. Li sen epi li inosan. Li pa gen okenn peche nan li. Moun pa ka enfliyanse l pou fè l tonbe nan peche. Bondye leve l nan yon nivo ki pi wo pase syèl la. 27 Li pa menm jan ak lòt prèt yo. Li pa bezwen ofri sakrifis chak jou pou peche pa l ak peche pèp la menm jan lòt prèt yo te konn fè sa. Li te ofri yon sakrifis yon fwa pou tout. Epi se tèt li li te ofri kòm sakrifis. 28 Lalwa te etabli l kòm prèt ki te gen menm feblès ak tout moun. Men, se apre lalwa, Bondye te fè sèman l ap mete Pitit ki san fay la kòm sakrifikatè pou letènite.
Jezi geri yon avèg
(Mat 20:29-34; Lik 18:35-43)
46 Apre sa yo ale nan vil Jeriko. Pandan l ap kite vil la ak disip li yo epi ak yon gwo foul moun, pitit Time a (Batime), yon avèg te chita bò wout la. 47 Lè l tande se Jezi, nonm Nazarèt la, ki t ap pase, li kòmanse rele byen fò: “Jezi, Pitit gason David la, tanpri ede m.”
48 Yon pakèt moun t ap fè presyon sou avèg la pou l pe bouch li, men li rele pi fò ankò, “Pitit gason David la, tanpri pote m sekou!”
49 Jezi kanpe epi li di: “Rele l.”
Yo rele avèg la epi yo di l: “Pran kouraj! Leve, Jezi ap rele w.” 50 Avèg la kanpe rapid, li kite vye rad li yo epi li tounen ale kote Jezi te ye a.
51 Jezi mande nonm nan: “Kisa ou vle m fè pou ou.”
Li reponn: “Mèt, mwen vle wè ankò.”
52 Jezi di: “Ale, ou geri paske ou kwè.” La menm, nonm nan te kapab wè, epi li swiv Jezi sou wout la.
Copyright © 2017 by Bible League International