Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
11 Selon lalwa Moyiz la se sèl moun nan fanmi Levi ki gen dwa vin sakrifikatè nan menm liy ak Arawon. Men kòm pa t gen okenn sakrifikatè ki te san fay nan sistèm sa a, te vin gen bezwen pou yon lòt kalite prèt. Konsa, Bondye etabli yon sakrifikatè nan menm liy ak Mèlkisedèk. 12 Depi liy sakrifikatè a chanje, fòk lalwa a chanje tou. 13-14 N ap pale de Jezikri, Senyè nou ki soti nan yon fanmi diferan de sa Lalwa di. Li soti nan gwoup fanmi Jida. Pa gen okenn lòt moun nan fanmi sa a anvan l ki te sèvi kòm sakrifikatè. Moyiz pa t janm pale de yon sakrifikatè ki t ap soti nan gwoup fanmi Jida.
Jezi se sakrifikatè menm jan ak Mèlkisedèk
15 Men bagay yo vin pi klè pou nou lè n wè lòt sakrifikatè ki parèt la tankou Mèlkisedèk. 16 Li pa vin tounen sakrifikatè sou baz prensip nan ki fanmi l te fèt. Li vin sakrifikatè sou baz puisans yon lavi ki p ap janm fini. 17 Men sa Bib la di sou li: “Ou se sakrifikatè pou tout tan menm jan ak Mèlkisedèk.”[a]
18 Ansyen sistèm nan rive nan bout li, paske l te fèb epi li pa t ka ede nou. 19 Lalwa Moyiz la pa t ka mennen nou nan pèfeksyon. Kounye a gen yon pi bon espwa. Se espwa sa a ki ban nou asirans pou nou pwoche pi pre Bondye.
20 Epi, li enpòtan pou nou konnen Bondye te fè yon sèman lè li te chwazi Jezi kòm granprèt. Pa t konn gen sèman pou etabli lòt prèt nan gwoup fanmi Levi yo. 21 Men se yon sèman ki etabli Jezi prèt. Men sa Bondye te di:
“Letènèl fè sèman
eli p ap tounen sou pawòl li:
Ou se prèt pou toujou.”[b]
22 Se sa ki fè, Jezi se garanti Bondye bay pèp li a pou l montre li fè l yon pi bon pwomès.
Copyright © 2017 by Bible League International