Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 34:1-8' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 34:19-22' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '2 Wa 20:12-19' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 7:1-10

Mèlkisedèk se wa epi li se sakrifikatè tou

Mèlkisedèk se te wa nan Salèm epi li te sakrifikatè pou Bondye ki pi Wo a tou. Li te rankontre Abraram apre Abraram te fin ranpòte laviktwa sou wa yo. Jou sa a, Mèlkisedèk te beni Abraram. Lè sa a, Abraram te ba li ladim sou tout sa l te genyen. Non Mèlkisedèk la gen de sans. Pou premye sans lan, Mèlkisedèk vle di “wa ki pratike lajistis.” Pou dezyèm sans lan, Mèlkisedèk se wa Salèm, sa vle di “wa ki bay lapè.”

Pèsonn pa konnen ni ki lès ki papa l, ni ki lès ki manman l, ni ki kote l soti. Pa gen moun ki konnen ni ki lè l te fèt ni ki lè l te mouri. Mèlkisedèk sanble ak Pitit Bondye a, nan sans li rete sakrifikatè pou tout tan.

Nou ka konprann ki nivo enpòtans Mèlkisedèk te genyen. Menm Abraram te ba l ladim sou tout sa l te pran nan batay la. Lalwa Moyiz la pase lòd pou moun ki soti nan fanmi Levi yo epi ki sèvi kòm sakrifikatè kolekte ladim nan men pèp la, menmsi yo tout ansanm se pitit pitit Abraram. Mèlkisedèk pa gen okenn rapò ak Levi, poutan li resevwa ladim nan men Abraram. Mèlkisedèk te beni Abraram, li menm ki te resevwa pwomès nan men Bondye. Tout moun konnen se moun ki gen plis enpòtans ki pou beni moun ki gen mwens enpòtans la.

Moun ki soti nan branch fanmi Levi yo ki la pou kolekte ladim gen pou mouri tankou tout moun, epi Mèlkisedèk ki te resevwa ladim nan men Abraram toujou vivan, selon sa Bib la di nou. Se vre se sèlman moun ki soti nan branch fanmi Levi yo ki kolekte ladim nan men pèp la, men nou ka di lè Abraram te bay Mèlkisedèk ladim nan, Levi te ba l ladim pa mwayen Abraram tou. 10 Lè Abraram te rankontre ak Mèlkisedèk, Levi pa t ko fèt, men nou ka di li te nan ren zansèt li Abraram.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International