Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
13 Bondye te fè Abraram pwomès. Men kòm pa gen pèsonn ki pi wo pase l, Bondye te sèvi ak pwòp non l kòm sèman pou bay garanti pou pwomès la. 14 Men li te di: “Wi, mwen ba ou garanti m ap beni w. M ap ba ou pitit san konte.”[a] 15 Abraram te tann ak pasyans. Abraram te resevwa sa Bondye te pwomèt la.
16 Lèzòm toujou sèvi ak non yon moun ki pi gran pase yo pou yo fè yon pwomès avèk sèman. Sèman an sèvi kòm yon garanti epi li mete fen ak tout diskisyon. 17 Paske Bondye te vle montre yon fason klè pa gen mank nan pwomès li te fè a, konsa li te fè yon pwomès ak sèman. 18 De bagay ki pa ka chanje: Bondye pa ka bay manti, li pa ka pa kenbe pwomès li te fè. Konsa, pou nou menm ki chache refij nan Bondye, nou ankouraje kenbe esperans nou pi fèm toujou. 19 Esperans nou genyen an se tankou yon lank bato pou lavi nou. Li fikse byen solid. Li travèse rido[b] Tanp lan. 20 Jezi deja antre la, epi l ap fè wout pou nou. Se li menm ki tounen granprèt pou letènite nan menm liy ak Mèlkisedèk.
Copyright © 2017 by Bible League International