Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
6 1-2 Konsa, nan sa ki konsène Jezikri, nou ta dwe fini ak premye leson yo. Nou pa dwe kontinye ap tounen dèyè, menm kote nou te kòmanse a. Wi, nan kòmansman, nou te aprann klè pou nou vire do bay vye zak nou te konn pratike yo epi pou nou mete konfyans nou nan Bondye. Se lè sa a tou, nou te aprann kesyon batèm,[a] poze men sou tèt moun,[b] rezireksyon moun ki mouri, ak jijman final. Kounye a, se lè pou nou avanse nan ansèyman ki pi solid toujou. 3 Wi, an nou fè sa nan mezi Bondye pèmèt nou.
4-6 Lè moun kite chemen Kris la, ki lòt bagay ou ka fè ankò pou fè yo chanje lavi yo? M ap pale de moun ki gen tan aprann verite a, moun ki gen tan resevwa don Bondye, moun ki gen tan patisipe nan Sentespri a. Yo gentan tande mesaj la epi yo gentan wè puisans li k ap aji nan lemonn. Men, apre sa, yo vire do bay tout bagay. Li enposib pou fè moun konsa chanje ankò. Moun ki rejte Kris la se klouwe y ap klouwe l sou kwa a ankò, se wont y ap fè li wont devan tout moun.
7 Lè yon tè bwè dlo lapli ki tonbe sou li, li bay kiltivatè a bon rekòt, Bondye beni tè sa a. 8 Men si se pikan ak move zèb l ap pwodui, li pa itil anyen. Bondye ap modi l, epi l ap mete dife ladan l.
9 Zanmi m yo, se vre nou pale konsa, men nou vrèman pa espere okenn nan nou ta nan ka sa a. Nou espere pi bon bagay pou nou, nou sèten nou nan chemen delivrans lan. 10 Bondye pa enjis, li p ap bliye tout travay nou fè pou li. L ap sonje ki kalite lanmou nou te montre nou genyen pou li nan jan nou te ede lòt kretyen ak nan jan n ap kontinye ede yo. 11 Nou swete volonte ak dezi nou genyen pou montre lanmou kontinye rete aktif pou tout rès lavi nou. Konsa, nou ka sèten esperans nou yo ap satisfè. 12 Nou pa vle nou vin parese. Nou vle nou vin menm jan avèk sila yo ki pral resevwa tout sa Bondye te pwomèt l ap bay yo poutèt lafwa ak pasyans yo.
Copyright © 2017 by Bible League International