Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
7 Nou tou, se pou n resevwa youn lòt, menm jan Kris li menm, li te resevwa nou pou bay Bondye glwa. 8 M di nou Kris te vini kòm sèvitè pou Jwif yo pou montre kijan Bondye fidèl. Li fè sa, pou l te ka akonpli pwomès Bondye te fè zansèt Jwif yo. 9 Kris te fè sa tou pou moun ki pa Jwif yo te ka fè lwanj pou Bondye pou gras li anvè yo. Pawòl Bondye di:
“Se poutèt sa m va fè fèt pou di w mèsi pami moun lòt nasyon yo;
Se poutèt sa m va di w mèsi.”[a]
10 Epi Bib la di ankò,
“Nou menm moun lòt nasyon yo,
se pou n rejwi nou tou ak pèp Bondye a.”[b]
11 Bib la di ankò,
“Louwe Senyè a, nou menm moun lòt nasyon yo;
Tout moun, chante pou fè lwanj Senyè a.”[c]
12 Epi Ezayi di,
“Gen yon moun k ap leve nan ras fanmi Jese.[d]
L ap vini pou l gouvène nasyon yo,
epi y ap mete espwa yo nan li menm.”[e]
13 Se pou Bondye, ki bay esperans lan, ranpli nou ak kè kontan ak lapè poutèt konfyans nou. Se pou esperans nou rive debòde pa mwayen puisans Sentespri a.
Copyright © 2017 by Bible League International