Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
4 Antouka, pwomès Bondye te fè a toujou valab pou nou ka antre nan plas repo li a. Konsa, an nou pran anpil prekosyon pou nou pa rate pwomès sa a. 2 Wi, zansèt yo te tande Bòn Nouvèl la menm jan avè nou, men li pa t itil yo anyen, paske yo pa t kwè ladan l. 3 Pou nou menm ki kwè l, nou antre nan repo Bondye a. Men sa Bondye di li menm:
“Paske yo fè m fache, mwen te fè sèman:
Yo p ap antre nan plas repo m nan.”[a]
Men, travay Bondye te rive nan bout li depi lè l fini ak kreyasyon an. 4 Wi, men sa Bib la di sou setyèm jou nan semèn nan: “Bondye te repoze sou setyèm jou a apre tout travay li te fin fè.”[b] 5 Men gen yon pasaj nan Bib la, kote Bondye di: “Yo p ap janm antre nan plas repo m nan.”
6 Poutan, okazyon pou kèk moun antre nan repo Bondye a epi jwi li toujou egziste. Moun ki te tande Bòn Nouvèl la anvan pa t antre nan repo a, poutèt dezobeyisans yo. 7 Konsa, Bondye planifye yon lòt jou espesyal. Li rele jou sa a “jodi a”. Li te pale sou jou sa a pa mwayen David byen lontan apre l fin planifye l. Nou site pawòl sa a deja:
“Si ou tande vwa Bondye jodi a,
pa fè tèt di.”[c]
8 Nou konnen Jozye pa t mennen pèp la nan plas repo a. Paske Bondye pale de yon lòt jou repo apre sa. 9 Sa fè nou konprann gen yon setyèm jou, 10 Bondye te repoze apre li te fin fè travay li. Sa vle di tou, tout moun ki antre nan repo Bondye ap gen pou yo repoze apre yo fin travay menm jan ak Bondye. 11 Konsa, an nou fè tout sa ki depann de nou pou nou antre nan repo Bondye a. Wi, nou dwe fè tout sa ki depann de nou pou okenn nan nou pa pèdi nan swiv move egzanp moun ki te refize obeyi Bondye yo.
Copyright © 2017 by Bible League International