Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Jezi pale konsènan peche seksyèl
27 Nou te konn tande yo di: Piga nou fè adiltè,[a] 28 men mwen m ap di nou: nenpòt moun ki gade yon fi epi ki gen tan wè sa l ta fè avè l, li gentan komèt adiltè nan kè l. 29 Si se je dwat ou k ap lakoz ou tonbe nan peche, rache l voye l jete. Li ta pi bon pou ou pèdi yon pati nan kò w, olye se tout kò a ki al boule nan lanfè. 30 Si se men dwat ou k ap lakoz ou tonbe nan peche, koupe l voye l jete. Li ta pi bon pou ou pou pèdi yon pati nan kò w olye se tout kò l ki al boule nan lanfè.
Jezi pale sou kesyon divòs
(Mat 19:9; Mak 10:11-12; Lik 16:18)
31 Nou te konn tande yo di tou: Nenpòt moun ki vle divòse ak madanm li, se pou l fè sèten li ba li yon papye divòs.[b] 32 Men mwen menm, m ap di nou: nenpòt moun ki divòse ak madanm li ap lakoz li komèt adiltè, eksepte si madanm li te gentan tonbe ak yon lòt moun. Nenpòt moun ki marye ak yon fi ki divòse komèt adiltè.
Jezi pale sou koze fè pwomès
33 Nou tande yo te di zansèt nou yo: pa kraze pwomès yo te fè sèman pou yo kenbe. Men yo dwe toujou kenbe pwomès yo te gen ak Bondye.[c] 34 Men mwen, m ap di nou: piga nou fè sèman. Pa sèvi ak syèl la pou fè sèman, paske syèl la se twòn Bondye. 35 Pa sèvi ak tè a pou fè sèman, paske latè se tapi pye Bondye. Pa sèvi ak lavil Jerizalèm pou fè sèman paske se lavil gran Wa a. 36 Pa fè sèman sou tèt ou paske ou pa gen okenn pouvwa pou deside si yon pye cheve nan tèt ou ap gen koulè blan oswa nwa.
Copyright © 2017 by Bible League International