Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Pouvwa lapriyè
13 Èske gen kèk nan nou ki nan soufrans? Li dwe priye. Èske gen nan nou ki gen kè l kontan? Li dwe chante. 14 Èske gen nan nou ki malad? Li dwe mande responsab legliz la pou l vin fè onksyon luil pou li nan non Senyè a epi priye pou li. 15 Si priyè sa a fèt avèk lafwa, malad la ap sove. Senyè a ap geri malad la. Epi si l te fè yon peche, Bondye ap padone l.
16 Poutèt sa, se pou n konfese peche nou youn ak lòt, epi pou n priye youn pou lòt, pou Bondye kapab geri nou. Lè yon moun ki dwat devan Bondye priye, priyè sa a gen anpil puisans. 17 Eli, se te yon nonm menm jan ak nou. Li priye mande Bondye pou lapli pa tonbe. Bondye fè lapli pa tonbe pou twa-zan-e-demi! 18 Apre sa, Eli priye Bondye pou lapli tonbe. Epi syèl la bay lapli, latè donnen fè moun rekòlte manje ankò.
Ede moun yo ki peche
19 Frè m ak sè m yo, si gen yon moun ki vire do l bay verite a, epi yon lòt ede l retounen, 20 men sa n dwe sonje: Nenpòt moun ki retire yon pechè nan move chemen kote l te ye, se sove l sove l anba lanmò. Epi poutèt sa, se yon pakèt peche Bondye padone.
Nenpòt moun ki pa kont ou, li avèk ou
(Lik 9:49-50)
38 Apre sa Jan di Jezi: “Mèt, nou wè yon moun k ap sèvi ak non ou pou l chase demon. Nou eseye fè l sispann, paske li pa youn nan nou.”
39 Men Jezi di: “Pa anpeche l, paske pa gen yon moun ki fè yon mirak nan non mwen ki pral pale m mal apre sa. 40 Yon moun ki pa kont nou se pou nou li ye. 41 Mwen ba w garanti sa a, nenpòt moun ki bay w yon vè dlo paske ou pou Kris la, li p ap janm pèdi l.”
Mizangad sou koz ki fè moun peche
(Mat 18:6-9; Lik 17:1-2)
42 “Se va byen grav pou yon moun ki ta fè youn nan timoun sa yo ki mete konfyans nan mwen peche. Li ta pi bon pou li si yo ta mare yon moulen nan kou l epi voye l jete nan lanmè. 43 Si se men w k ap lakoz ou tonbe nan peche, koupe l. Li pi bon pou gen lavi ki p ap janm fini an ak yon men oswa yon pye pase pou w ta genyen de men w ak de pye w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl. 44 [a] 45 Si pye w fè ou peche, koupe l. Li pi bon pou gen lavi ki p ap janm fini an ak yon men oswa yon pye pase pou w ta genyen de men w ak de pye w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl. 46 [b] 47 Si se je w k ap lakoz ou tonbe nan peche, rache l. Li pi bon pou ou pou w ta antre nan wayòm Bondye a ak yon sèl je pase pou ou ta gen de je w epi w al nan lanfè, 48 kote vè pa janm mouri epi dife pa janm etenn.
49 Tout moun gen pou sale avèk dife.[c]
50 Sèl bon wi, men si l pèdi gou sale l genyen an, kijan ou ka fè l sale ankò? Pa pèdi bon gou sale nou genyen an, epi viv nan lapè youn ak lòt.”
Copyright © 2017 by Bible League International