Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 124 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Estè 1:1-21' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 4:13-31

13 Chèf Jwif yo pa t manke sezi lè yo te wè kijan Pyè ak Jan t ap pale avèk konviksyon, sitou lè yo vin reyalize mesye sa yo se pa moun ki te gen gwo enstriksyon ni okenn fòmasyon espesyal. Amplis, yo te vin reyalize Pyè ak Jan te ansanm avèk Jezi. 14 Lidè Jwif yo pa t jwenn anyen pou reponn Pyè ak Jan sou sa yo te di yo, paske yo te wè nonm ki te geri a kanpe la, bò kote yo.

15 Konsa, yo kòmande Pyè ak Jan pou yo soti epi Gran Konsèy la menm te toujou reyini ap reflechi ansanm sou kisa pou yo ta fè. 16 Yo t ap di: “Ki sa pou nou fè ak mesye sa yo menm? Paske li klè pou tout moun k ap viv nan Jerizalèm se yo menm ki te fè gwo mirak sa a. Sa k pi rèd la, nou pa ka di se pa vre. 17 Men, pou nou ka anpeche bagay la kontinye gaye, nou ka fè presyon sou yo pou yo pa kontinye pale nan non nonm sa a[a] ak pèsonn moun ankò.”

18 Apre sa, yo rele apot yo, yo pase yo lòd sevè pou yo pa janm preche ni anseye moun nan non Jezi ankò. 19 Men, Pyè ak Jan reponn Gran Konsèy la, yo di yo: “Ki sa nou panse Bondye ta vle, pou n obeyi nou osinon pou n obeyi Bondye? 20 Nou pa ka pe bouch nou, nou pa ka pa rakonte sa nou te wè ak sa n te tande.”

21 Malgre sa, lidè Jwif yo bay Pyè ak Jan kèk presyon toujou epi yo lage yo. Yo pa t ka jwenn okazyon pou pini mesye yo poutèt pèp la. Se tout pèp la ki t ap fè lwanj pou Bondye poutèt gwo mirak mesye yo te fè a. 22 Nonm ki te geri pa mwayen mirak apot yo te fè a te gen plis pase karant (40) an.

Pyè ak Jan tounen al jwenn lòt disip yo

23 Lage Pyè ak Jan te fin lage, yo ale tou dwat al jwenn rès gwoup patizan Jezi yo epi yo rakonte yo tout sa chèf prèt yo ak lidè yo nan pèp Jwif la te di yo. 24 Lè kwayan yo tande sa Pyè ak Jan te rapòte yo a, yo tout leve vwa yo ansanm nan lapriyè devan Bondye. Yo di: “O Mèt, ou menm ki te kreye syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo. 25 Sèvitè w David, zansèt nou, te di pawòl sa yo anba pouvwa Sentespri a:

Poukisa moun lòt nasyon yo ap bat kò yo konsa?
    Poukisa pèp yo ap fè bann plan ki pa vo anyen sa yo?
26 Tout wa latè yo prepare yo pou batay,
    tout chèf yo rasanble ansanm
pou yo goumen kont Senyè a
    ak kont Kris la.[b]

27 Se egzateman sa ki te rive nan vil sa a menm, lè Ewòd te reyini ansanm ak Pons Pilat ansanm ak moun lòt nasyon yo ak pèp Izrayèl la kont Jezi, sèvitè w la ou te chwazi epi ki te mache dwat devan w lan. 28 Yo te fè sa pou yo te ka akonpli sa ou menm, nan pouvwa w ak volonte w te gen tan planifye davans pou rive. 29 Kounye a Senyè, gade kijan y ap fè nou menas pou anpeche nou pale. Ede sèvitè w yo pou yo ka pwoklame mesaj ou a avèk konviksyon. 30 Lonje men w pou fè moun malad geri, fè mirak ak anpil lòt bèl bagay rive pa mwayen pouvwa[c] Jezi, sèvitè w la ki te viv apa pou ou a.”

31 Apre kwayan yo te fin priye Bondye konsa, kote yo te rasanble a te pran tranble. Tout moun ki te la, san manke youn, te vin ranpli ak Sentespri a epi yo te tonbe preche mesaj Bondye a san pè anyen.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International