Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Pwovèb 31:10-31' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 1 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jak 3:13-4:3

Bon sajès la

13 Èske gen moun pami nou ki reyèlman saj, yon moun ki vrèman gen bon konprann? Alò, li dwe manifeste sa nan yon bon konpòtman, nan sa l ap fè avèk imilite epi ak sajès. 14 Men si w gen nan kè w yon jalouzi anmè, yon lanvi egoyis ak lanbisyon, pa fè lwanj di ou saj. Pa bay manti konsa! 15 Sajès sa a, se pa nan syèl li soti. Li soti sou latè, se sajès lèzòm, se yon sajès dyabolik. 16 Paske, kote k gen jalouzi ak lanbisyon pou pase devan lòt moun, sa fè dezòd ansanm ak tout move zak. 17 Men, sajès ki soti nan syèl la, li soti nan yon kè ki pwòp. Epi l ap pote lapè ak dousè. L ap chache ini moun. Li plen ak bonte. Li fè anpil bon bagay. Li pa nan patipri, li pa ipokrit. 18 Moun ki renmen simen lapè toupatou kote yo ye, gen pou yo rekòlte fui la jistis.

Ofri pwòp lavi w bay bondye

Èske w konnen ki kote dispit yo soti? Ki kote kont soti epi vini nan mitan nou? Èske yo pa soti nan yon bann move lanvi k ap batay anndan nou? Nou vle pou n posede yon pil bagay, epi nou pa kapab genyen yo. Lè sa a, nou prèt pou touye moun. Nou jalou, epi nou pa kapab genyen sa n ta vle genyen. Lè sa a, nou nan lit, n ap bat kò nou. Nou pa jwenn sa nou ta vle, paske nou pa mande Bondye l! Nou mande epi nou pa jwenn anyen. Se paske nou mal mande! Nou mande sèlman paske nou vle fè gaspiyaj nan pran plezi.

Jak 4:7-8

Enben, livre lavi w bay Bondye pou obeyi l. Fè opozisyon kont lespri mechan an, epi l ap kouri ale byen lwen w. Pwoche bò kote Bondye, l ap pwoche kote w tou. Netwaye lavi w, ou menm k ap komèt move zak yo. Retire peche nan lavi w,[a] ou menm k ap woule de bò ant Bondye ak mond lan.

Mak 9:30-37

Jezi pale sou lanmò li

(Mat 17:22-23; Lik 9:43b-45)

30 Apre sa, Jezi ak disip li yo kite kote yo te ye a, yo t ap vwayaje nan Galile, li pa t vle moun konnen ki kote yo te ye. 31 Li te vle anseye disip li yo sèlman. Li te di yo: “Yo gen pou yo trayi Pitit Lòm nan. Yo gen pou yo livre l anba pouvwa lèzòm. Yo gen pou yo touye l, men sou twazyèm jou a li gen pou l resisite.” 32 Men disip yo pa t konprann sa l te vle di, men tou yo te pè mande l sa pawòl la vle di.

Kilès ki pi gran?

(Mat 18:1-5; Lik 9:46-48)

33 Jezi ak disip li yo ale Kapènawòm, epi lè yo rive nan kay la, li mande yo: “Kisa nou t ap diskite sou wout la konsa?” 34 Disip yo pa reponn paske sou wout la yo t ap diskite pou konnen kilès nan yo ki pi gran?

35 Jezi chita, li rele douz disip yo epi li di yo: “Nenpòt moun ki vle premye se dènye pou li ye, epi li dwe sèvi tout moun.”

36 Se konsa Jezi pran yon timoun, li mete l kanpe devan yo. Li kenbe timoun nan nan bra l epi li di yo: 37 “Nenpòt moun ki resevwa youn nan timoun sa yo nan non mwen, se mwen li resevwa. E nenpòt moun ki resevwa mwen, se pa mwen sèlman li resevwa, men tou, se moun ki voye m nan li resevwa.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International