Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Pwovèb 31:10-31

10 ¶ Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò.

11 Mari l' mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li.

12 Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l', l'ap pase tout lavi l' ap fè l' byen.

13 Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fè twal ak men l'.

14 Tankou bato k'ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la.

15 Solèy poko leve, li gen tan sou pye l', l'ap pare manje pou moun nan kay la. L'ap di sèvant yo sa pou yo fè.

16 Li fè lide sou yon tè, li achte l' ak lajan li fè ak men l'. Li fè jaden rezen sou li.

17 Li mare ren l', li twouse manch rad li pou l' travay.

18 Li santi zafè l' ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay.

19 Li file koton, li koud rad li.

20 Li lonje men l' bay pòv. Li pran ka malere.

21 Li pa pè fredi pou moun lakay li, paske tout moun gen rad cho pou mete sou yo.

22 Li fè kouvèti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fèt ak twal wouj tise byen sere.

23 Mari l', se yonn nan chèf fanmi lavil la. Tout moun lavil la ap nonmen non l' an byen.

24 Madanm li fe rad pou l' vann, li fè bèl senti, li vann yo ak machann.

25 Li gen anpil kouraj, tout moun respekte l', li pa pè denmen.

26 Lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li.

27 Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l'ap fè.

28 Tout pitit li yo ap fè l' konpliman. Mari l' menm ap fè lwanj li.

29 L'ap di: Mwen konnen anpil madanm. Men ou menm, nanpwen tankou ou!

30 Bèl fanm pa di bon madanm pou sa. Bèl figi pa la pou lontan. Men, y'a fè lwanj yon fanm ki gen krentif pou Seyè a.

31 Ba li sa ki pou li a. Lè y'a wè sa l' fè, se pou tout moun fè lwanj li.

Sòm 1

¶ Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k'ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k'ap pase Bondye nan betiz,

men ki pran tout plezi l' nan lalwa Seyè a, k'ap repase l' nan tèt li lajounen kou lannwit.

Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l' rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l' fè soti byen.

¶ Men, se p'ap menm bagay pou mechan yo. Yo tankou pay van an ap gaye.

Se poutèt sa, jou jijman an, mechan yo p'ap ka leve tèt yo devan Bondye, moun ki fè mal yo p'ap chita ansanm ak moun ki fè byen yo.

Paske, Seyè a konnen jan moun ki fè byen yo ap viv. Men, jan mechan yo ap viv la, yo gen pou yo fini mal.

Jak 3:13-4:3

13 ¶ Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l' moutre sa ak bon kondit li. Se pou l' fè sa ki byen san lògèy, men avèk bon konprann.

14 Men, si n'ap fè jalouzi nan kè nou, si nou kenbe moun nan kè nou, si n'ap kouri dèyè enterè pa nou, pa vante tèt nou, pa fè manti sou laverite a.

15 Bon konprann konsa pa soti nan Bondye, li soti nan lemonn, nan moun ak nan dyab la.

16 Paske, kote ki gen jalouzi, kote moun ap kouri dèyè enterè pa yo, fòk gen dezòd ak tout kalite mechanste.

17 Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki soti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kè sansib, l'ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit.

18 Moun k'ap chache pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, y'ap travay ak kè poze pou yo ka rekòlte yon lavi ki dwat devan Bondye.

¶ Ki jan fè gen goumen ak kont nan mitan nou konsa? Kote sa soti? Sa soti nan move lanvi k'ap goumen nan kò nou.

Nou anvi yon bann bagay. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, nou pare pou nou touye moun. Nou anvi sa ki pa pou nou. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, se fè kont, se goumen. Si nou pa jwenn sa nou bezwen an, se paske nou pa mande Bondye.

Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman.

Jak 4:7-8

Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou.

Pwoche bò kot Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò.

Mak 9:30-37

30 ¶ Yo soti kote yo te ye a, yo travèse peyi Galile. Jezi pa t' vle moun konnen kote li te ye,

31 paske li t'ap moutre disip li yo anpil bagay. Li di yo: -Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pral tonbe anba men lèzòm, yo pral touye mwen. Men, sou twa jou mwen gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.

32 Men, disip yo pa t' konprann sans pawòl sa a: epi yo te pè poze l' keksyon.

33 Yo rive Kapènawòm. Rive li rive nan kay la, Jezi mande yo: -Kisa nou t'ap pale konsa nan chemen an?

34 Pesonn pa louvri bouch yo reponn, paske nan chemen an, yo t'ap diskite pou konnen kilès nan yo ki te pi grannèg.

35 Lè sa a Jezi chita, li rele douz disip yo, li di yo konsa: -Si yon moun vle pou l' nan premye plas la, fòk li mete l' dèyè nèt, fòk li sèvi tout moun.

36 Epi li pran yon timoun piti, li mete l' nan mitan yo. Li pran timoun lan nan bra l', li di yo konsa:

37 -Nenpòt moun ki resevwa yon timoun konsa poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m', se pa mwen li resevwa, men se moun ki voye m' lan li resevwa.