Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
9 Alò, èske nou menm Jwif, nou ta pi mal pase lòt moun yo? Non, nou te di deja, sa yo ki Jwif, menm jan ak sa yo ki pa Jwif, yo tout anba pouvwa peche.
Tout moun koupab
10 Jan Pawòl Bondye di sa a:
“Pa gen yon moun ki fè sa ki dwat,
pa menm yon sèl.
11 Pa gen yon moun ki konprann,
pa gen yon moun ki vle swiv Bondye.
12 Yo tout vire do kite l,
yo tout pran move chemen.
Pa gen youn ki fè sa ki byen
pa menm yon sèl.”[a]
13 “Bouch yo se yon kavo tou louvri.
Yo sèvi ak lang yo pou bay manti pou twonpe moun.”[b]
“Lang yo se menm jan ak yon pwazon ki soti nan sèpan.”[c]
14 “Bouch yo plen ak malediksyon mele ak pawòl di.”[d]
15 “Yo toujou prèt pou touye moun.
16 Tout kote yo pase,
yo simen la twoublay ak destriksyon.
17 Yo pa konnen kijan pou yo viv nan lapè.”[e]
18 “Yo pa gen okenn krent ni respè pou Bondye.”[f]
19 Nou konnen sa Lalwa di se pou moun ki anba Lalwa. Sa fè pèsòn pa gen eskiz, lemonn antye anba jijman Bondye. 20 Poukisa? Se paske pratike sa Lalwa di pa fè okenn moun vin jis devan Bondye. Okontrè, Lalwa montre nou peche nou sèlman.
Copyright © 2017 by Bible League International