Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Pwovèb 22:1-2' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Pwovèb 22:8-9' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Pwovèb 22:22-23' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 125 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jak 2:1-10

Renmen tout moun

Frè m ak sè m yo, si nou kwè nan Jezikris, Senyè nou an, nou pa dwe aji avèk patipri nan mitan moun yo. An n sipoze yon moun ta rive nan reyinyon[a] nou yo. Moun sa a antre ak bèl bag an ò ansanm ak rad ki koute chè anpil. Menm lè sa a tou, yon pòv antre nan reyinyon an, li tou mal abiye. Ou akeyi avèk anpil respè moun ki pote bèl rad la, ou di l konsa: “Chita isit, nan plas donè sa a!” Epi ou di pòv la konsa: “Kanpe bò laba a!” Oubyen “Chita atè a, bò pye nou la a!” Lè w aji konsa, èske w pa fè patipri? Èske w pa fè yon jijman avèk yon kè mechan?

Koute m, frè m ak sè byenneme m yo! Èske Bondye pa chwazi moun pòv yo nan mond lan pou l fè yo rich nan lafwa epi pou yo resevwa wayòm li pwomèt moun ki renmen l yo? Men ou menm, ou meprize pòv yo! Poutan, ki moun k ap kraze w? Ki moun k ap trennen w devan tribinal yo? Se moun rich yo, pa vre? Èske se pa yo k ap ensilte bon non Senyè nou an?

Bib la di: “Renmen pwochen[b] w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”[c] Sa a, se lalwa k ap gouvène tout lòt lwa yo. Si ou fè sa, ou aji byen. Men, si ou aji ak patipri, ou peche. Lalwa Bondye a kondane w, paske w dezobeyi l.

10 Nenpòt moun ki fè tout sa Lalwa mande, si li pa obeyi a kòmandman pou nou renmen pwochen nou yo, li vin koupab devant tout lalwa.

Jak 2:11-13

11 Menm Bondye ki di: “Pa fè adiltè”[a] a, se menm Bondye a ki di: “ou pa dwe touye moun.”[b] Lè sa a, si ou pa komèt adiltè, men ou touye yon moun, se devan tout Lalwa ou koupab.

12 Konsa, se pou n pale epi viv menm jan ak moun ki konnen yo pral jije l devan lalwa ki ban nou libète. 13 Paske lè jou jijman an va rive, p ap gen pitye pou moun ki pa gen pitye pou lòt moun yo. Men moun ki jwenn mezerikòd Bondye, li pa pè jou jijman an.

Jak 2:14-17

Lafwa ak bòn zèv

14 Frè ak sè m yo, si yon moun di li gen lafwa men li pa fè zèv, lafwa sa a pa vo anyen. Yon kalite lafwa konsa pa kapab sove pèsòn. 15 Ann sipoze yon frè oubyen yon sè ki vin kote w pa gen rad pou l mete oubyen manje pou l manje. 16 Epi ou di l konsa, “Bondye avè w! Mwen swete ou jwenn rad pou ou mete ak anpil manje pou ou manje,” men ou pa ba li bagay sa yo li bezwen. Si ou pa ede l, pawòl ou yo pa vo anyen. 17 Se menm bagay ak lafwa. Si se sèlman lafwa epi pa gen anyen ankò, li pa fè anyen, se yon lafwa ki mouri.

Mak 7:24-37

Jezi ede yon madanm ki pa t Jwif

(Mat 15:21-28)

24 Jezi kite zòn nan epi li ale nan yon lòt zòn yo rele Ti. Li antre nan yon kay, li pa t vle moun nan zòn sa a konnen li te la. Men li pa t ka ret kache. 25 Se konsa, yon madanm ki te gen pitit fi l ki te gen yon move lespri sou li te tande Jezi nan zòn nan, l al kot Jezi epi li tonbe nan pye Jezi. 26 Madanm nan pa t Jwif, li se moun Fenisi nan peyi Siri. Li mande Jezi chase demon an sou piti l la.

27 Jezi di madanm nan: “Avan tout bagay, fòk ti moun yo manje anvan, li pa bon pou pran manje ti moun yo voye bay chyen.”

28 Men fi a reponn, li di: “Senyè, men chyen yo ki anba tab la konn manje ti moso manje ti moun yo kite tonbe atè.”

29 Alò Jezi di li: “Se yon bon repons. Ou mèt ale, demon an sòti sou pitit fi w la.”

30 Lè madanm nan retounen lakay li, li jwenn pitit la kouche. Demon an te soti.

Jezi geri you moun soud

31 Jezi kite zòn Ti epi li pase Sidon. Sou wout pou l ale Galile, li pase sou teritwa dis vil yo. 32 Pandan li la, yo mennen ba li yon moun ki te soud epi ki pa t ka pale byen. Yo mande Jezi pou li poze men l sou nonm lan.

33 Jezi mennen nonm nan akote, lwen foul la. Li mete dwèt li nan zòrèy nonm lan. Apre sa li krache sou dwat li epi li manyen lang nonm nan. 34 Jezi leve je l anlè nan syèl, li fè yon gwo soupi epi li di: “Efata!” (Sa ki vle di: ouvri). 35 Kou Jezi fin di sa, zòrèy nonm lan ouvri, lang li vin lejè epi li kòmanse pale byen klè, san pwoblèm.

36 Jezi di pèp la pou yo pa di moun sa k te rive a. Men plis li di yo pa di anyen, se pi plis moun yo pale sa ki te rive a. 37 Tout moun te sezi, yo t ap di: “Gade kijan li fè tout bagay byen. Ata moun ki soud li fè yo tande! E menm bèbè yo li fè yo pale.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International