Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Abiye nou pou lagè
10 Pou fini, chache fòs nou nan Senyè a ak nan gwo pouvwa li. 11 Mete sou nou tout zam Bondye yo pou nou ka kanpe fèm kont tout taktik Dyab la. 12 Paske nou nan yon batay, epi se pa avèk moun parèy nou n ap goumen. Men, n ap goumen kont yon kolonn chèf, pouvwa, ak otorite k ap gouvène lemonn ki limenm nan fènwa. N ap goumen kont yon bann move lespri envizib ki nan syèl yo. 13 Se sa k fè menm nou dwe pran tout zam Bondye ban nou yo, pou lè jou batay la rive, nou ka kanpe fèm devan lènmi an. Wi, fè tout sa poutèt pou, apre batay la fini, nou ka kontinye kanpe nan pozisyon nou.
14 Kidonk, prepare nou. Sèvi ak verite a tankou yon sentiwon pou mare ren nou. Viv yon vi ki dwat se tankou yon plak pwotèj sòlda yo pou pwoteje lestomak nou. 15 Sèvi ak Levanjil ki bay lapè a tankou yon soulye pou n mete nan pye nou. 16 Sèvi tou ak lafwa nou nan Bondye tankou yon defans pou nou bloke tout flèch tou limen lènmi an ap voye sou nou. 17 Konsa tou, resevwa delivrans Bondye bay la tankou yon kas pou n mete nan tèt nou. Epi tou pran nepe Sentespri a, pawòl Bondye a menm. 18 Pandan n ap fè tout bagay sa yo, pa janm sispann priye Bondye. Priye nan tout sitiyasyon jan Lespri Bondye dirije nou. Fè tout kalite priyè, epi mande tout sa nou bezwen. Pou nou rive fè sa, fòk nou toujou pare. Pa janm sispann priye pou tout pèp Bondye a.
19 Kontinye priye pou mwen tou, konsa, lè m ap pale, pou Bondye ban m pawòl pou m anonse verite sekrè Levanjil la san m pa pè anyen. 20 Se responsabilite m pou m anonse Levanjil la. Se travay sa a menm m ap fè malgre m nan prizon an. Priye pou mwen pou m ka pale san krent, jan sa dwe fèt.
56 Lavi pa m menm ap nan moun sa a k ap jwi tan l pou l manje kò mwen epi k ap bwè san mwen. Moun sa a ap mennen yon relasyon sere sere ak mwen.
57 Bondye Papa a te voye m. L ap viv, epi mwen menm m ap viv tou, poutèt li menm. Konsa, nenpòt moun ki pran tan l ak plezi l pou l manje mwen, l ap viv poutèt mwen menm. 58 Se sa Pen ki desann soti nan syèl la vle di. Se pa menm jan ak pen zansèt nou yo te manje a. Pen sa a pa t anpeche yo mouri. Moun k ap pran plezi pou l manje pen m ap pale a, l ap viv pou tout tan.”
59 Jezi te di tout bagay sa yo pandan l t ap anseye nan sinagòg la, nan lavil Kapènawòm.
Anpil nan disip yo vire do bay Jezi
60 Lè disip Jezi yo tande sa, anpil nan yo di: “Ansèyman sa a di, ki moun ki kapab aksepte sa?”
61 Jezi te gentan konnen disip li yo t ap plenyen pou sa. Konsa li di yo: “Èske ansèyman sa a se yon pwoblèm pou nou? 62 Alò kisa nou va panse lè nou va wè Pitit Lòm nan monte ale kote li te soti a? 63 Se Sentespri a ki bay lavi. Kò a pa vo anyen nan bagay konsa. Men bagay mwen di nou yo soti nan Sentespri a, yo bay lavi. 64 Men gen kèk nan nou ki pa kwè.” (Jezi te konnen moun ki pa t kwè yo. Li te konnen sa depi okòmansman. Epi Li te konnen kilès ki ta livre li bay lènmi li yo tou.) 65 Jezi di: “Se pou sa mwen te di nenpòt moun pa kapab vini jwenn mwen si Bondye Papa a pa ede li vini.”
66 Lè Jezi fin di pawòl sa yo, anpil nan disip li yo vire do ba li, epi yo sispann swiv li.
67 Jezi mande douz disip yo: “Nou pa ta renmen ale tou?”
68 Simon Pyè reponn li: “Senyè, ki kote pou n ta ale? Se ou ki genyen pawòl ki bay lavi etènèl la. 69 Nou kwè nan ou. Nou konnen se ou menm ki Moun Bondye mete apa a.”
Copyright © 2017 by Bible League International