Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 101

101 ¶ Se yon sòm David. M'ap chante pou yon moun ki gen bon kè. M'ap chante pou yon moun ki pa nan patipri. Se pou ou m'ap chante, Seyè!

M'ap mennen yon lavi san repwòch. Kilè w'a vin jwenn mwen?

M'ap mennen yon lavi san repwòch anndan lakay mwen. Mwen p'ap mete okenn move lide nan tèt mwen. Mwen rayi sa moun ki vire do bay Bondye yo ap fè. Bagay konsa pa ka pran tèt mwen.

Mwen pa tolere moun ki gen move kè bò kote m'. Mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ki mechan.

M'ap disparèt tout moun k'ap pale zanmi yo mal an kachèt. Mwen p'ap tolere moun k'ap fè grandizè, moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sou moun.

M'ap pran swen moun nan peyi a ki kenbe Bondye fèm. M'ap kite yo rete bò kote m'. Moun k'ap mache dwat yo, se yo m'ap pran pou sèvi lakay mwen.

Mwen p'ap kite moun k'ap twonpe moun rete lakay mwen. Moun k'ap bay manti p'ap rete kanpe devan mwen.

Chak maten m'ap fini avèk tout mechan ki nan peyi a. Konsa, m'ap mete tout moun k'ap fè sa ki mal yo deyò nan lavil Seyè a.

1 Wa 8:1-21

¶ Apre sa, Salomon bay lòd pou tout gwo chèf pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak lòt chèf fanmi pèp la vin jwenn li lavil Jerizalèm pou y' al pran Bwat Kontra Seyè a nan lavil David la, lavil Siyon an, pou yo pote l' nan Tanp lan.

Pandan Fèt Joupa yo nan mwa Etanim lan, setyèm mwa nan kalandriye jwif yo, tout pèp Izrayèl la reyini ansanm ak wa Salomon.

Lè tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo reyini, prèt yo pran Bwat Kontra a,

yo pote l' nan Tanp lan ansanm ak Tant Randevou Seyè a ak tout bagay ki te apa pou Seyè a nan Tant Randevou a. Se prèt yo ak moun Levi yo ki te pote yo moute.

Wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la sanble devan Bwat Kontra a, yo touye bèf, kabrit ak mouton an kantite pou Bondye. Moun pa t' ka konte konbe bèt yo te touye jou sa a sitèlman yo te anpil.

Lè yo fini, prèt yo pote Bwat Kontra a nan pyès ki apa nèt pou Seyè a, yo mete l' nan mitan de pòtre zanj cheriben yo.

Zèl cheriben yo te louvri, yo te kouvri tout kote Bwat Kontra a ye a ansanm ak poto ki sèvi pou pote l' yo.

Si yon moun kanpe sou devan pyès ki apa pou Seyè a, yo ka wè pwent poto yo tèlman yo te long. Men, ou pa ka wè yo lòt kote ankò. Jouk koulye a poto yo la toujou.

Nan Bwat Kontra a pa t' gen pase de moso wòch plat Moyiz te mete ladan l' yo depi sou Mòn Orèb la. Se sou de wòch sa yo Seyè a te make kontra li te pase avèk moun pèp Izrayèl yo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip.

10 Lè prèt yo fè sa y'ap soti nan pyès apa pou Seyè a, nwaj la plen Tanp Seyè a nèt.

11 Poutèt nwaj la prèt yo pa t' ka rete fè sèvis yo, paske limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan nèt.

12 ¶ Lèfini, Salomon di konsa: -Seyè, ou di ou pito viv kote ki fè nwa.

13 Koulye a, mwen bati yon tanp pou ou ka rete, yon kay kote ou pral viv pou tout tan.

14 Lèfini, wa a vire, li bay pèp Izrayèl la fas. Tout pèp la te kanpe. Li mande benediksyon Bondye pou pèp la, li di konsa:

15 -Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Avèk fòs kouraj li, li kenbe pwomès li te fè David, papa m', lè li te di l' konsa:

16 Depi jou mwen te fè pèp mwen an soti kite peyi Lejip, mwen pa janm chwazi yon lavil nan tout peyi pèp Izrayèl la kote pou yo bati yon tanp ladan l' pou mwen rete. Men, mwen te chwazi David pou li gouvènen pèp mwen an, pèp Izrayèl la.

17 David, papa m', te fè lide bati yon tanp pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.

18 Men, Seyè a te di l': Ou byen fèt gen lide bati yon tanp pou mwen.

19 Men, se pa ou ki va bati l'. Se pwòp pitit gason w'ap fè a ki va bati Tanp lan pou mwen.

20 Koulye a, Seyè a kenbe pwomès li. Jan li te di l' la, se mwen ki nan plas David, papa m'. Mwen chita sou fotèy wa a Izrayèl la, mwen bati yon tanp pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.

21 Lèfini, mwen fè yon plas ladan l' pou Bwat Kontra Seyè a ki gen de moso wòch plat kote Seyè a te ekri kontra li te pase ak zansèt nou yo lè li te fè yo soti kite peyi Lejip.

Mak 8:14-21

14 Men, disip yo te bliye pran lòt pen: yo te gen yon sèl grenn pen avè yo nan kannòt la.

15 Jezi ba yo lòd sa a: -Fè atansyon. Pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm avèk ledven Ewòd la.

16 Disip yo pran pale pou kont yo, yonn t'ap di lòt: -Se paske nou pa gen pen kifè l' di nou sa.

17 Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: -Poukisa n'ap di: se paske nou pa gen pen? Se konnen nou pa konnen? Nou poko ka konprann toujou? Se bouche lespri nou bouche konsa?

18 Gen lè nou pa wè nan je nou? Nou pa tande nan zòrèy nou? Se bliye nou gen tan bliye?

19 Lè m' te separe senk pen bay senkmil (5,000) moun yo, konbe panyen plen moso nou te pote ale? Yo reponn li: -Douz panyen.

20 Jezi mande yo anko: -Lè m' te separe sèt pen bay katmil (4.000) moun yo, konbe panyen plen moso nou te pote ale? Yo reponn li: -Sèt panyen.

21 Lè sa a li di yo: -Nou pa konprann toujou?