Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: '1 Wa 2:10-12' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '1 Wa 3:3-14' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 111 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Efezyen 5:15-20

15 Pran anpil prekosyon ak jan n ap viv. Piga nou viv tankou moun fou, okontrè viv tankou moun ki saj. 16 Pa kite okenn bon okazyon pase pou nou pa fè sa ki byen, paske tan sa yo n ap viv la a pa bon menm. 17 Se poutèt sa, piga nou viv tankou moun egare. Okontrè, chache konnen sa Senyè a vle n fè. 18 Piga nou soule tèt nou ak diven, bagay konsa ap mennen nou nan debòch. Okontrè, kite Sentespri Bondye a ranpli lavi nou pito. 19 Ankouraje youn lòt avèk sòm yo, ak chan, ak kantik espirityèl. Chante epi fè mizik pou lwanj Senyè a ak tout kè nou. 20 Nan non Senyè Jezikris, toujou di Bondye, Papa a, mèsi pou tout bagay.

Jan 6:51-58

51 Mwen se pen vivan an ki desann soti nan syèl. Nenpòt moun ki manje nan pen sa a, l ap viv pou tout tan. Pen sa m ap bay la, se kò mwen. M ap bay li, konsa moun nan lemonn kapab gen lavi lè m va mouri pou yo.

52 Alò, Jwif yo te pran fè yon diskisyon byen fache. Yo t ap di: “Kòman nonm sa a ap fè pou li ban nou manje kò l la?”

53 Jezi di: “Amèn, amèn! Nou poze yon bèl kesyon. Si nou menm nou pa manje kò Pitit Lòm nan epi bwè san li, nou p ap gen lavi etènèl nan nou. 54 Moun ki pran tan yo ak plezi yo nan manje kò mwen ak bwè san mwen, yo deja genyen lavi etènèl. Pou mwen menm, m ap resisite yo nan dènye jou a. 55 Kò m se yon manje toutbon, epi san m se yon bwason toutbon. 56 Lavi pa m menm ap nan moun sa a k ap jwi tan l pou l manje kò mwen epi k ap bwè san mwen. Moun sa a ap mennen yon relasyon sere sere ak mwen.

57 Bondye Papa a te voye m. L ap viv, epi mwen menm m ap viv tou, poutèt li menm. Konsa, nenpòt moun ki pran tan l ak plezi l pou l manje mwen, l ap viv poutèt mwen menm. 58 Se sa Pen ki desann soti nan syèl la vle di. Se pa menm jan ak pen zansèt nou yo te manje a. Pen sa a pa t anpeche yo mouri. Moun k ap pran plezi pou l manje pen m ap pale a, l ap viv pou tout tan.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International