Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 111

111 ¶ Lwanj pou Seyè a! M'a fè lwanj Seyè a ak tout kè m', nan mitan moun ki mache dwat yo, nan mitan pèp Bondye a lè yo reyini.

Bagay Seyè a fè se gwo zafè! Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo.

Tou sa li fè, se respè, se chapo ba. Jistis li la pou tout tan.

Seyè a pa kite nou bliye bèl mèvèy li fè yo. Li gen pitye pou nou, li gen bon kè.

Li bay moun ki gen krentif pou li manje, li pa janm bliye kontra li pase ak nou an.

¶ Li fè pèp li wè jan li gen pouvwa nan sa l'ap fè. Li ba yo tè lòt nasyon yo pou byen pa yo.

L'ap kenbe pawòl li, li san patipri nan tou sa l'ap fè. Nou mèt konte sou kòmandman li yo.

Yo la pou tout tan, paske se bagay ki dwat, se bagay ki vre.

Li delivre pèp li a, li pase ak yo yon kontra ki p'ap janm kase. Se Bondye tout bon li ye. Li merite vre pou moun pè li!

10 Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann! Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman. Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li.

1 Wa 1:28-48

28 Wa David reponn, li di: -Rele Batcheba pou mwen, tanpri! Batcheba antre ankò, li kanpe devan wa a.

29 Lè sa a, wa a fè sèman, li di konsa: -Mwen fè sèman nan non Seyè ki vivan an, li menm ki te delivre m' anba tout tray mwen yo.

30 Sa m' te pwomèt ou pou m' fè nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap fè l' jòdi a. Se Salomon, pitit gason ou lan, k'ap chita sou fotèy la nan plas mwen, se li menm k'ap gouvènen apre mwen.

31 Batcheba tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li byen ba jouk atè, li di: -Se pou yo toujou fè lwanj wa David, mèt mwen!

32 ¶ Lè sa a, wa David voye chache Zadòk, prèt la, Natan pwofèt la, ak Benaja, pitit gason Jeojada a. Lè yo parèt devan wa a,

33 wa a di yo konsa: -Pran tout chèf gouvènman m' yo. Fè Salomon, pitit gason m' lan, moute sou milèt pa m' lan. Nou tout va desann avè l' bò sous Giyon an.

34 Lè n'a rive la, Zadòk, prèt la, ak Natan, pwofèt la, va vide lwil sou tèt li, y'a mete l' apa pou l' sèvi wa pèp Izrayèl la. Apre sa, n'a fè kònen twonpèt, epi n'a rele: Viv wa Salomon!

35 Lèfini, n'a pran mache dèyè l', n'a tounen isit la. Salomon va vin chita sou fotèy mwen an. L'a pran plas mwen, paske se li menm mwen chwazi pou gouvènen pèp Izrayèl la ansanm ak pèp Jida a.

36 Benaja, pitit gason Jeojada a, reponn wa a: -Se sa menm! Se Seyè a, Bondye monwa a menm, ki pale nan bouch ou!

37 Menm jan Seyè a te toujou kanpe la avè monwa, se pou li toujou kanpe la avèk Salomon tou. Se pou gouvènman li an pi byen chita toujou pase gouvènman wa David, mèt mwen.

38 Zadòk, prèt la, Natan, pwofèt la, ak Benaja, pitit Jeojada a, ansanm ak keretyen yo ak peletyen yo ale, yo fè Salomon moute sou milèt wa David la, yo mennen l' bò sous Giyon an.

39 Zadòk, prèt la, pran kòn lwil ki te nan Tant Randevou a, li vide ti gout sou tèt Salomon. Yo kònen twonpèt, tout pèp la pran rele: Viv wa Salomon!

40 Apre sa, yo tout t'ap mache dèyè li, yo tounen lavil Jerizalèm. Yo t'ap jwe fif, yo t'ap danse. Sitèlman yo t'ap fè bri ou ta di tè a t'ap tranble anba pye yo.

41 ¶ Adonija te fin manje ansanm ak tout envite l' yo lè yo tande bri a. Lè Joab tande twonpèt la, li mande: -Pouki tout bri sa a nan lavil la?

42 Li pa t' ankò fèmen bouch li, Jonatan, pitit Abyata prèt la, rive. Adonija di l' konsa: -Antre non, monchè! Ou se moun debyen, se bon nouvèl ase pou ou pote!

43 Jonatan reponn, li di Adonija konsa: -Nouvèl yo pa bon menm. Wa David, chèf nou an, fè Salomon wa.

44 Li voye chache Zadòk, prèt la, Natan, pwofèt la, Benaja, pitit Jeojada a, ansanm ak keretyen yo ak peletyen yo, li fè yo ale ak Salomon. Yo menm, yo fè Salomon moute sou milèt wa a.

45 Zadòk, prèt la, ak Natan, pwofèt la, vide lwil sou tèt li bò sous Giyon an, yo mete l' apa pou l' sèvi wa. Lèfini, yo tounen lavil la, y'ap rele tèlman yo kontan. Tout lavil la tèt anba. Se bri sa a nou tande a.

46 Lèfini, Salomon moute chita sou fotèy wa a.

47 Tout moun k'ap travay nan gouvènman wa David yo vin fè wa David, chèf nou an, konpliman. Yo di: Se pou Bondye ou la fè Salomon yon pi gwo wa pase ou. Se pou gouvènman li an pi chita toujou pase pa ou la! Lèfini, wa David bese byen ba sou kabann li pou li adore Bondye.

48 Li di: Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki penmèt pou jòdi a se yonn nan pitit mwen yo ki chita sou fotèy la nan plas mwen. Lèfini, li kite m' wè sa anvan m' mouri.

Ròm 16:17-20

17 ¶ M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m' yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo.

18 Moun konsa, se pa Kris la, Seyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo.

19 Pou nou menm, moun lavil Wòm, tout moun konnen jan nou soumèt nou devan Seyè a. Mwen byen kontan pou nou. Men, mwen ta renmen pou nou toujou chache fè sa ki byen, pou nou pa lage kò nou nan fè sa ki mal.

20 Anvan lontan, Bondye ki bay kè poze a gen pou kraze Satan anba pye nou. Se pou benediksyon Jezi, Seyè nou an, toujou la avèk nou.