Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 57 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '2 Samyèl 18:19-33' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Pyè 3:14-18

14 Se poutèt sa, frè m yo, pandan n ap tann jou sa a rive, an n fè anpil efò pou n mennen yon lavi ki pwòp epi san repwòch nan je Bondye. Epi tou n ap viv an pè avèk Bondye. 15 Sonje se grenmesi pasyans Senyè a nou sove. Se sa frè byenneme nou an, Pòl, di nan sa l ekri ak sajès Bondye ba li. 16 Se sa li ekri nan tout lèt li yo. Gen pasaj nan sa li ekri yo ki difisil pou moun rive konprann. Se rezon sa a ki fè kèk inyoran, moun ki pa merite yo fè yo konfyans, chanje sans yo epi entèprete yo mal. Dayè, yo fè menm bagay nan anpil lòt pasaj nan Bib la. Men lè y ap fè sa, se detwi y ap detwi pwòp tèt yo.

17 Men pou nou menm, byenneme, kounye a mwen fè n konn sa. Pridans! Pa kite lènmi Bondye yo twonpe nou, pa kite yo pouse nou fè menm fot ak yo. Se konsa n ap rete fèm nan lafwa nou. 18 Se pou n grandi nan lafwa ak nan konesans nou genyen nan Senyè ak Sovè nou Jezikri. Se pou Senyè a tout glwa ye pou tout tan gen tan! Amèn.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International