Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Ede youn lòt
6 Frè m ak sè m yo, si nou kenbe yon moun ap fè yon move bagay, nou menm k ap mennen lavi nou dapre Sentespri a, se pou nou ede yon moun konsa retounen viv dwat devan Bondye. Men, se pou nou fè sa avèk dousè. Epi tou, pran prekosyon pou nou pa tonbe nan tantasyon tou. 2 Se pou youn ede lòt pote chay li. Se konsa n ap rive fè sa lalwa Kris la mande a. 3 Paske, si yon moun panse l se yon zafè epi li pa anyen, se twonpe l ap twonpe tèt li. 4 Se pou chak moun egzamine travay pa l, olye de konpare tèt li ak lòt moun. Konsa, l a wè si l gen rezon pou fè lwanj pou tèt li. 5 Paske chak moun fèt pou pran pwòp responsabilite li.
Pa janm sispann fè sa ki byen
6 Yon moun k ap resevwa enstriksyon pawòl Bondye a, li dwe pataje tout bon bagay li genyen ak moun k ap ba li enstriksyon an.
7 Pa twonpe tèt nou, moun pa ka pase Bondye nan betiz. Paske nenpòt sa yon moun plante, se sa tou l ap rekòlte. 8 Moun ki simen semans ki pou satisfè dezi li, sa l ap rekòlte, se destriksyon. Men, moun ki semèn semans pou satisfè Sentespri a, l ap rekòlte lavi etènèl. 9 Nou pa fèt pou n janm bouke fè sa ki byen, paske, si nou pa dekouraje, n ap jwenn rekonpans nou lè lè a rive. 10 Konsa, pandan nou jwenn okazyon an, se pou nou fè byen ak tout moun, sitou pou moun sa yo ki kwè menm jan avèk nou nan fanmi Bondye a.
Copyright © 2017 by Bible League International