Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 50:16-23' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '2 Samyèl 13:20-36' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mak 8:1-10

Jezi bay plis pase 4,000 moun manje

(Mat 15:32-39)

Yon lòt fwa ankò, yon gwo foul moun te rasanble epi yo pa t gen anyen pou yo manje. Lè sa a, Jezi rele disip li yo, li di yo. “Kè m fè m mal pou moun yo, yo la avè m depi twa jou epi kounyea, yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa ka voye yo lakay yo tou grangou. Si yo ale konsa, yo ka tonbe feblès nan wout. Anpil ladan yo rete lwen isit la.”

Disip Jezi yo reponn li: “Nan zòn sa a, ki kote nou pral jwenn ase manje pou nou bay tout moun sa yo?”

Jezi mande yo: “Konbyen pen nou genyen?”

Yo reponn li: “Nou genyen sèt pen.”

Jezi mande moun yo pou yo chita atè a. Apre sa, li pran sèt pen yo epi li remèsye Bondye pou yo. Li kase pen yo epi li bay disip li yo pou yo sèvi foul la. Disip yo te gen kèk ti pwason tou. Jezi di Bondye mèsi pou ti pwason yo epi li mande disip yo pou yo separe yo bay moun yo tou.

Tout moun yo manje vant deboutonnen. Lè disip yo ranmase moso ki rete yo, yo jwenn sèt panye. Te gen apeprè 4,000 moun la. Apre sa Jezi voye yo al lakay yo. 10 Tousuit apre sa, Jezi monte nan yon bato ak disip li yo epi yo ale nan yon zòn ki rele Dalmanita.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International