Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Inite ki gen nan legliz Kris la
4 Mwen menm ki yon prizonye paske m ap sèvi Jezikris, m ap mande nou, nou menm Bondye rele, pou nou viv yon jan ki fè lwanj pou Bondye. 2 Se pou nou toujou moun ki senp nan jan nou viv, moun ki dou epi ki gen pasyans. Ak lanmou, sipòte lè nou youn pa menm jan ak lòt. 3 Se Sentespri Bondye a ki mete nou tout kwayan yo ansanm nan yon sèl kò. Fè tout efò nou pou nou kenbe inite sa a nan lapè youn ak lòt. 4 Menm jan Bondye rele nou pou nou gen yon menm esperans lan, li rele nou tou pou nou fè yon sèl kò epi pou nou genyen yon menm Sentespri. 5 Gen yon sèl Senyè, yon sèl fwa, epi yon sèl batèm. 6 Gen yon sèl Bondye ki papa nou tout epi k ap renye sou nou tout. Li aji nan lavi nou tout, li nan nou tout.
7 Kris la bay nou chak yon kado espesyal selon jan li te deside bay li. 8 Se sa k fè Bib la di:
“Li te monte anwo nan syèl,
li mennen anpil prizonye avè l;
epi li fè pèp la anpil kado.”[a]
9 Lè l di: “Li monte,” kisa sa vle? Sa vle di li te desann nan kote ki pi fon anba tè a. 10 Kris te desann, epi li monte anlè nèt nan syèl la, pou l ka ranpli tout bagay ak prezans li. 11 Se Kris la menm ki bay kèk moun don pou yo sèvi kòm apot, kèk lòt don pou yo pwofèt, kèk lòt don pou yo preche Levanjil, epi kèk lòt don pou yo pastè ak pwofesè pou anseye pèp la. 12 Kris bay don sa yo pou prepare pèp Bondye a pou yo ka sèvi nan ministè a, pou kò Kris la ka pi solid. 13 Travay sa a dwe kontinye jouk nou ini ansanm nan sa nou kwè ak nan konesans nou konsènan pitit Bondye a. Objektif nou, se pou nou vin tankou kò yon moun ki byen grandi, byen devlope, pou nou vin sanble ak Kris la nan tout sans.
14 Konsa, nou p ap tankou ti moun ki pako devlope ankò. Nou p ap moun k ap chanje lide tout tan, tankou yon bato vag lanmè ap pote. Nou pa pral kite nenpòt nouvo doktrin nou tande nan bouch moun enfliyanse nou. Moun sa yo se koken yo ye, yo sèvi ak tout kalite trik pou fè moun swiv move chemen. 15 Okontrè, nou menm n ap di verite a nan lanmou. N ap kontinye grandi pou nou ka vin gen menm karaktè ak Kris la, nan tout sans. Kris se tèt la. 16 Tout kò a depann de tèt la. Tout manm kò a ini, yo kole ansanm. Konsa, lè chak pati nan kò a fè travay li, jan pou l fè l la, sa fè tout kò a grandi, l ap devlope nan lanmou.
24 Moun yo gade yo wè Jezi pa t la. Alò, yo pran bato, yo pati ale Kapènawòm pou chache jwenn kote Jezi ye.
Jezi, pen lavi a
25 Pèp la jwenn Jezi sou lòtbò lak la. Yo mande li: “Mèt, depi ki lè ou vin isit la?”
26 Jezi reponn yo: “Se vre! Nou byen konprann mwen te dwe vini ak pouvwa Bondye. Men, mwen kapab konstate, se pa paske nou wè mirak n ap chache m. N ap chache m paske nou te manje pen epi vant nou te plen. 27 Men manje latè pa dire, yo gate fasil. Pa fè efò pou manje sa a, men travay pito pou nou jwenn manje ki va dire epi ki va bay lavi etènèl. Pitit Lòm nan va ban nou manje sa a. Se li menm sèl Bondye Papa a kalifye pou ban nou li.”
28 Pèp la mande Jezi: “Alò, Ki zèv Bondye mande nou fè, pou l ka voye Pitit Lòm nan pou ban nou manje sa a?”
29 Jezi reponn: “Men sa Bondye vle nou fè se kwè nan moun li gentan voye a.”
30 Konsa, moun yo mande Li: “Ki mirak ou ap fè pou nou wè? Si nou wè ou fè yon mirak, n ap kwè nan ou. Ki sa ou fè? 31 Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a. Tankou jan Bib la di l: Li te ba yo pen ki soti nan syèl pou yo manje.”[a]
32 Jezi di: “Amèn! Sa Bib la di a se vre, se pa Moyiz ki te bay moun yo pen ki soti nan syèl. Men se Papa m ki ban nou vrè pen ki soti nan syèl la. 33 Pen Bondye bay la se sa ki soti nan syèl la epi ki bay lemonn lavi.”
34 Moun yo di konsa: “Mesye, toujou ban nou pen sa a.”
35 Alò Jezi di: “Se mwen menm ki pen ki bay lavi a. Nenpòt moun ki vin jwenn mwen p ap janm grangou ankò. Nenpòt moun ki kwè nan mwen p ap janm swaf ankò.
Copyright © 2017 by Bible League International