Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 37:12-22' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '2 Istwa 9:29-31' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mak 6:35-44

35 Li te kòmanse fènwa. Disip yo vin kote l epi yo di l: “Zòn sa a pa gen moun menm, epi li deja fin ta. 36 Voye moun yo ale pou yo ka al chache manje achte nan zòn alantou yo pou yo manje.”

37 Men Jezi reponn yo: “Ba yo manje nou menm.” Yo di Jezi konsa: “Nou pa ka achte ase pen pou bay tout moun sa yo manje. Nou ta dwe achte pen pou 200 denye[a] pou n ta bay tout moun sa yo manje.”

38 Jezi di yo: “Ki kantite pen nou gen la a? Al gade!”

Lè yo tounen, yo vin di Jezi: “Nou gen senk pen ak de pwason.”

39 Alò Jezi di yo: “Fè tout moun chita an gwoup sou zèb la pou yo kapab manje.” 40 Yo chita yon fason nan lòd, te gen gwoup 100 moun ak gwoup 50 moun.

41 Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo. Li leve je l gade syèl la, li di Bondye mèsi epi li kase pen yo. Li bay disip li yo pen pou yo distribye bay pèp la. Li pataje de pwason yo bay tout moun ki te la a yo.

42 Tout moun te manje vant deboutonnen. 43 Lè yo fin manje, yo ranmase douz panye plen moso pen ak moso pwason. 44 Antotal te gen senk mil gason ki te manje.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International