Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 37:12-22

12 Mechan yo ap fè konplo sou moun k'ap mache dwat yo. Y'ap gade yo konsa, yo anvi devore yo.

13 Seyè a ap ri mechan an, paske li konnen mechan an pa la pou lontan.

14 Mechan yo rale koulin yo, y'ap pare banza yo, pou yo touye pòv yo ak malere yo, pou ansasinen moun k'ap mache dwat yo.

15 Men, se yo menm menm koulin yo pral rache. Banza yo menm ap kase nan men yo.

16 Pito ou pa gen anpil byen, men ou mache dwat, pase pou ou gen anpil richès nan fè sa ki mal.

17 Paske, Bondye ap kraze kouraj mechan yo, men l'ap soutni moun ki mache dwat yo.

18 Seyè a konnen jan moun ki fè volonte l' yo ap viv. Eritaj yo la pou tout tan.

19 Yo p'ap wont lè bagay gate, y'ap jwenn tou sa yo bezwen lè grangou tonbe sou peyi a.

20 Men mechan yo ap peri. Moun ki pa vle wè Seyè a ap fennen tankou flè savann. Y'ap disparèt tankou lafimen.

21 ¶ Mechan an prete, li pa nan renmèt. Men, moun ki mache dwat yo gen kè sansib, yo fè kado.

22 Moun Seyè a beni va pran peyi a pou yo. Men, moun ki anba madichon Bondye gen pou disparèt sou tè a.

2 Samyèl 11:14-21

14 ¶ Nan denmen, David ekri Joab yon lèt, li bay Ouri pote l' ale.

15 Nan lèt la, li te ekri: W'a mete Ouri devan nèt, kote batay la pi cho a. Apre sa, rale kò ou dèyè, kite yo touye l'.

16 Se konsa, Joab ki te sènen lavil Raba a voye Ouri kote li te konnen lènmi yo te pi fò a.

17 Lame lènmi yo soti nan lavil la, yo vin kontre ak lame Joab la. Gen anpil sòlda ak anpil ofisye lame David la ki te mouri. Ouri, moun peyi Et la, mouri tou.

18 Joab voye rakonte David tout ti detay sou jan batay la pase.

19 Epi li bay mesaje a lòd sa a: -Lè w'a fin rakonte wa a tout ti detay batay la,

20 li ka fè kòlè, li ka di ou: Poukisa nou te pwoche pre lavil la konsa pou m' te goumen ak lènmi yo? Se konnen nou pa konnen yo te ka rete sou tèt miray la pou yo tire flèch sou nou?

21 Nou gen lè bliye jan Abimelèk, pitit Jedeyon an te mouri lavil Tebès? Se yon fanm ki te rete sou tèt miray la, li voye yo wòl moulen sou li, li touye l' frèt. Poukisa atò nou te pwoche pre lavil la konsa? Si wa a pale konsa avè ou, w'a di l': Ouri, moun peyi Et la, ofisye lame ou la, mouri tou.

Filip 4:10-20

10 ¶ Mwen pa t' manke kontan nan lavi m'ap mennen ansanm ak Seyè a, paske nou vin fè m' wè ankò jan nou pran ka mwen. Sa pa vle di nou te lage m' non. Men, nou pa t' ankò jwenn okazyon fè m' wè jan nou fèb pou mwen.

11 Si nou wè m'ap pale konsa, se pa paske koulye a mwen nan nesesite. Paske nan lavi, m' aprann kontante tèt mwen ak sa m' genyen.

12 Mwen konnen sa ki rele viv nan mizè, mwen konnen sa ki rele viv nan richès. Kit mwen pa gen ase, kit mwen gen plis pase sa m' bezwen, nan tout sikonstans m' aprann kontante tèt mwen toupatou ak sa mwen genyen.

13 Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj.

14 Malgre sa, nou byen fèt ede m' nan traka m' yo.

15 Nou menm, moun lavil Filip, nou byen konnen sa m' pral di nou la a. Lè mwen kite peyi Masedwan, lè yo te fenk konmanse ap pibliye bon nouvèl la, se nou menm sèl legliz ki te ede mwen. Se nou menm sèl ki te separe sa nou genyen avè m' pou sa m' te fè pou nou.

16 Lè m' te lavil Tesalonik, an de fwa nou voye sa m' te bezwen ban mwen.

17 Se pa dèyè kado mwen ye. Men, mwen ta renmen Bondye mete sou sa nou gen deja.

18 Wi, mwen resevwa tou sa nou te voye ban mwen, pou di vre, sa depase sa m' te bezwen. Koulye a, avèk Epafwodit ki pote kado nou yo, mwen gen tou sa m' bezwen. Kado nou yo se tankou yon ofrann ki santi bon, yon ofrann bèt Bondye ap asepte paske sa fè l' plezi.

19 Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri.

20 ¶ Tout lwanj lan se pou Bondye, Papa nou, pou tout tan. Amèn.