Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 61

61 ¶ (61:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. (61:2) Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou!

(61:3) Kè m' kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m' al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.

(61:4) Paske, se ou k'ap pwoteje m', se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m' yo.

(61:5) Mwen ta renmen pase tout lavi m' lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou.

¶ (61:6) Bondye, ou tande pwomès mwen fè. Ban mwen sa ou bay tout moun ki respekte non ou lan.

(61:7) Mete kèk jou sou lavi wa a: Se pou l' viv lontan lontan ankò.

(61:8) Se pou l' gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l' wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l'.

(61:9) Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m'a fè sa m' te pwomèt ou a.

2 Samyèl 7:18-29

18 ¶ Apre sa, wa David ale nan tanp lan, li chita devan Seyè a, li di l' konsa: -Seyè, Bondye sèl Mèt la, kisa mwen ye, kisa fanmi mwen ye pou ou te fè tou sa ou deja fè pou nou?

19 Men ou wè sa pa kont toujou, Seyè, Bondye sèl Mèt la, kifè koulye a w'ap fè konnen sa ki pral rive fanmi mwen denmen nan lanne k'ap vini yo. Epi ou fè m' konn sa, mwen menm ki yon senp moun, Seyè, Bondye sèl Mèt la!

20 Kisa mwen menm David, mwen ka di ou, Seyè, apre sa? Ou konnen ki moun mwen ye, mwen menm k'ap sèvi ou la.

21 Se paske ou te fè pwomès la, se paske ou te vle l' konsa, kifè ou te fè tout bèl bagay sa yo pou ou te fè m' konnen yo.

22 Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou la gwo! Pa gen tankou ou! Pa gen lòt Bondye pase ou menm! Yo te toujou di nou sa.

23 Pa gen lòt nasyon sou latè tankou pèp Izrayèl la! Se ou menm ki delivre yo pou yo te ka tounen yon pèp ki rele ou pa ou. Se pou yo ase ou fè sa. Toupatou sou latè, y'ap nonmen non ou yo pou gwo mirak ak bèl bagay ou fè pou yo. Ou mete lòt nasyon deyò nan peyi ou la ansanm ak bondye yo pou fè plas pou pèp ou, pèp ou te delivre anba pouvwa pèp peyi Lejip la, pou yo te ka tounen pèp pa ou.

24 Ou fè pèp Izrayèl la tounen pèp pa ou pou tout tan, ou menm ou tounen Bondye yo.

25 Koulye a, Seyè, Bondye, se pou ou kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la ansanm ak fanmi li an. Se pou ou fè sa ou di w'ap fè a.

26 Toupatou sou latè y'a toujou rekonnèt jan ou gen pouvwa. y'a di se Seyè ki gen tout pouvwa a ki Bondye pèp Izrayèl la. Konsa, gouvènman ki nan men fanmi David, sèvitè ou la, va kanpe fèm pou tout tan anba pwoteksyon ou.

27 Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, se ou menm ki te fè m' konnen tou sa. Ou te di m', mwen menm sèvitè ou la, w'ap ban mwen yon fanmi, lèfini w'ap fè baton gouvènman an toujou rete nan men fanmi mwen. Se poutèt sa mwen gen kouraj fè lapriyè sa a nan pye ou.

28 Koulye a, Seyè sèl Mèt, se ou ki Bondye tout bon an. Ou toujou kenbe pwomès ou yo. Gade bèl pawòl kè kontan ou di sèvitè ou la!

29 Tanpri, beni tout fanmi mwen apre mwen pou yo ka toujou anba pwoteksyon ou. Wi, Seyè sèl Mèt, ou te pwomèt mwen sa. Se pou ou toujou voye benediksyon ou sou fanmi mwen.

Ebre 13:17-25

17 Obeyi chèf nou yo, soumèt devan yo. Se tout tan y'ap veye sou nanm nou paske yo gen pou yo rann Bondye kont pou travay yo. Si nou obeyi yo, y'a fè travay yo ak kè kontan. Men, si nou pa obeyi yo, y'a fè l' ak kè sere. Lè sa a, p'ap gen okenn avantaj pou nou.

18 ¶ Pa sispann lapriyè pou mwen. Mwen sèten mwen gen konsyans mwen anpè. Paske mwen vle fè sa ki byen nan tout sikonstans.

19 M'ap mande nou pou nou lapriyè toutespre pou Bondye ban m' okazyon tounen vin jwenn nou anvan lontan.

20 Men sa m'ap mande Bondye pou nou, li menm ki te fè Jezi, Gran Gadò mouton yo, leve soti vivan pami mò yo. Jezi se Seyè nou an ki te mouri pou l' te ka siyen kontra ki la pou tout tan an ak san li.

21 M'ap mande Bondye ki bay kè poze a pou l' fè nou favè sa a, pou nou fè tou sa ki byen, pou n' kapab fè volonte li. M'ap mande l' tou pou l' fè travay ki fè l' plezi nan nou, gremesi Jezikri. Tout lwanj lan pou Jezikri pou tout tan tout tan. Amèn.

22 Tanpri, frè m' yo, m'ap mande nou pou nou koute pawòl ankourajman sa yo ak pasyans, paske sa m' di nan lèt mwen ekri nou an pa long.

23 Mwen vle fè nou konnen yo gen tan lage Timote, frè nou an. Si li rive bònè, m'a pran l' avè m' lè m'ap vin wè nou.

24 Di tout moun k'ap dirije nou yo bonjou ansanm ak tout pèp Bondye a. Tout frè ki nan peyi Itali yo voye bonjou pou nou tout.

25 benediksyon Bondye avèk nou tout. Amèn.