Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 89:20-37' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '1 Istwa 15:1-2' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '1 Istwa 16:4-13' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 18:35-43

Jezi geri yon avèg

(Mat 20:29-34; Mak 10:46-52)

35 Lè Jezi rive toupre lavil Jeriko, te gen yon avèg ki te chita bò wout la ap mande lacharite. 36 Lè l tande tout foul moun sa yo ap pase, li mande kisa k genyen.

37 Yo di li se Jezi, moun Nazarèt la k ap pase.

38 Avèg la tonbe kriye byen fò: “Jezi, pitit David la, gen pitye pou mwen.”

39 Moun ki te devan yo nan foul la t ap fè presyon sou li pou yo fè l pe bouch li. Men li menm li rele pi fò toujou: “Pitit David la, gen pitye pou mwen.”

40 Jezi kanpe. Li bay lòd pou yo mennen mesye a ba li. Lè yo rive devan Jezi ak avèg la, Jezi mande li: 41 “Ki sa ou ta vle mwen fè pou ou?”

Avèg la reponn: “Mèt, mwen ta renmen wè ankò.”

42 Jezi di li: “Enben wè non. Ou geri paske ou te kwè.”

43 Menm kote a avèg la wè ankò, epi li kòmanse swiv Jezi etan l ap fè lwanj pou Bondye. Tout moun ki te temwen mirak la te tonbe fè lwanj pou Bondye tou.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International