Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Jezi avèk frè li yo
7 Apre sa, Jezi te fè laviwonn teritwa Galile a. Li pa t vle ale nan peyi Jide, paske chèf Jwif yo t ap chache touye li. 2 Se te moman Jwif yo te pral fete Fèt Tant yo. 3 Se poutèt sa frè l yo te di l: “Ou ta sipoze pati ale Jide nan fèt la. Konsa, tout disip ou yo ta wè mirak ou ap fè yo. 4 Si ou vle anpil moun konnen ou, ou pa dwe ap kache sa ou fè. Si ou kapab fè bagay ekstraòdinè sa yo, kite tout moun wè yo.” 5 Frè Jezi yo te pale konsa paske menm yo menm yo pa t kwè nan li.
6 Jezi di yo: “Mwen poko pare pou m al Jerizalèm, lè m poko rive. Men, pou nou menm, nou pa gen okenn lè espesyal, tout lè se menm pou nou. 7 Lemonn pa kapab rayi nou. Men lemonn rayi mwen, paske m ap di moun nan lemonn zèv yo pa bon. 8 Alò nou mèt ale. Mwen pa prale kounye a, paske tan pa m nan poko rive.” 9 Lè Jezi fin di sa, li rete nan peyi Galile.
Copyright © 2017 by Bible League International