Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
48 ¶ (48:1) Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. (48:2) Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.
2 (48:3) Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a.
3 (48:4) Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l' yo jwenn kote pou yo kache.
4 (48:5) Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan.
5 (48:6) Lè yo wè l', yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè.
6 (48:7) Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche,
7 (48:8) tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè.
8 ¶ (48:9) Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la.
9 (48:10) Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye.
10 (48:11) Se tout moun k'ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis.
11 (48:12) Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis.
12 (48:13) Mache, fè tout tou lavil la. Konte konbe fò li genyen.
13 (48:14) Egzaminen miray lavil la byen egzaminen. Vizite tout pòs faksyonnè yo, pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konnen
14 (48:15) se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.
2 ¶ Apre sa, David mande Seyè a: -Eske se pou m' ale nan yonn nan lavil peyi Jida yo? Seyè a reponn li: -Wi. Se pou ou ale! David mande l': -Kote pou m' ale? Seyè a di l': -Lavil Ebwon.
2 Se konsa, David pran de madanm li yo, Akenoam ki te moun lavil Jizreyèl, ak Abigayèl, vèv Nabal la, ki te moun lavil Kamèl, li pati pou Ebwon.
3 Li mennen moun ki te avè l' yo tou ansanm ak tout fanmi yo. Y' al rete lavil Ebwon ak nan tout ti bouk ki toupre l' yo.
4 Apre sa, moun Jida yo rive lavil Ebwon, yo fè seremoni pou mete David apa pou sèvi wa peyi Jida. David vin pran nouvèl se moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, ki te antere Sayil.
5 Lè sa a, li voye kèk mesaje di yo konsa: -Se pou Seyè a beni nou, paske nou moutre jan nou pa janm lage Sayil, mèt nou an. Nou antere l'.
6 Mwen mande Seyè a pou li aji byen ak nou tou, pou li pa janm lage nou. Mwen menm pou tèt pa m', m'ap aji byen avèk nou tou poutèt sa nou fè a.
7 Koulye a, pran kouraj! Mete gason nou nou! Sayil, mèt nou an, mouri. Se mwen menm moun Jida yo mete apa pou wa yo.
8 ¶ Abnè, pitit gason Nè a, kòmandan lame Sayil la, pran Ichbochèt, pitit gason Sayil la, li mennen l' lavil Manayim, lòt bò larivyè Jouden.
9 Rive la, li nonmen Ichbochèt wa peyi Galarad, peyi Asè, peyi Jizreyèl, peyi Efrayim ak peyi Benjamen, ki vle di wa tout pèp Izrayèl la.
10 Ichbochèt, pitit gason Sayil la, te gen karantan lè yo fè l' wa peyi Izrayèl. Li gouvènen pandan dezan. Men, moun branch fanmi Jida yo te kanpe avèk David.
11 David te wa peyi Jida a pandan sètan sis mwa. Se Ebwon li te rete.
8 Atò, nou gen tan gen tou sa n' te bezwen? Nou gen tan rich kont kò nou? Nou gen tan tounen wa anvan mwen? Mwen ta byen kontan si nou ta tounen wa tout bon, pou m' te kapab wa tou ansanm avèk nou.
9 Men, nou menm apòt Kris yo, gen lè Bondye mete nou dèyè nèt. Nou tankou moun yo kondannen amò pou yo touye sou plas piblik; nou tounen yon espektak pou tout moun, ni pou zanj yo nan syèl la, ni pou moun sou latè.
10 Poutèt Kris la, nou menm apòt yo, nou tankou moun fou. Men, nou menm moun Korent yo, gen lè nou gen bon konprann nan Kris la? Nou menm apòt yo, nou fèb. Men, nou menm moun Korent yo, gen lè nou gen fòs kouraj? Nou menm apòt yo, y'ap meprize nou tankou chen. Men, nou menm moun Korent yo, yo respekte nou nèt ale?
11 Jouk koulye a nou anba grangou, nou swaf dlo, nou manke rad, y'ap bat nou, n'ap plede mache san nou pa gen kote pou n' rete.
12 N'ap fatige kò nou travay pou n' ka manje. Lè yo joure nou, nou mande benediksyon pou moun k'ap joure nou; lè yo pèsekite nou, nou mare kè nou.
13 Lè yo pale nou mal, nou menm se byen nou di pou yo. Jouk koulye a, y'ap konsidere nou tankou fatra ki nan lemonn, dènye kras moun ki sou latè.