Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 18:1-6' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 18:43-50' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '1 Samyèl 23:14-18' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Korentyen 8:16-24

Tit ak konpanyon l yo

16 Mwen di Bondye mèsi, li mete nan kè Tit menm kalite devouman avè m pou ede nou. 17 Li te aksepte demand nou te fè l. Li te menm pi chofe pase nou pou l retounen ak pwòp volonte l pou vizite nou. 18 N ap voye yon lòt frè avè l. Se yon frè tout legliz yo apresye pou travay l ap fè pou gaye Levanjil la. 19 Anplis, se legliz yo menm ki te chwazi l pou l ka vwayaje ak nou pandan n ap jere ofrann sa a. N ap fè sa yon fason pou fè lwanj pou Senyè a epi pou montre dezi nou genyen pou n ede.

20 Nou pran prekosyon pou okenn pa kritike jan nou jere gwo ofrann sa a. 21 Nou vle gen bon repitasyon devan Bondye ak devan lèzòm.

22 N ap voye avèk yo tou, frè nou an, yon moun nou gen tan teste nan plizyè bagay epi nan plizyè okazyon li montre anpil devouman. Li vin plis devwe toujou paske li fè w konfyans.

23 Kanta pou Tit, se kolaboratè mwen. N ap travay ansanm pou ede w. Kanta lòt frè yo, se reprezantan legliz yo epi y ap travay pou fè lwanj pou Kris la. 24 Konsa, bay mesye yo prèv nou renmen yo toutbon. Bay tout legliz yo prèv tou nou gen rezon pou fyè de ou konsa.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International