Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
18 ¶ (18:1) Pou chèf sanba yo. Se chante sa a David, sèvitè Seyè a, te chante pou Bondye lè Bondye te delivre l' anba Sayil ansanm ak tout lòt lènmi l' yo. (18:2) Ala renmen mwen renmen ou, Seyè! Se ou menm ki tout fòs mwen.
2 (18:3) Se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m' kache.
3 (18:4) Mwen rele Seyè a: Li delivre m' anba lènmi m' yo. Lwanj pou Seyè a!
4 (18:5) Lanmò te fin vlope m'. Mwen te pè lè m' wè tout malè sa yo tonbe sou mwen.
5 (18:6) Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kote m' vire, mwen wè lanmò devan m'.
6 (18:7) Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Seyè a. Mwen mande Bondye m' lan sekou. Kote l' chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.
43 (18:44) Ou delivre m' anba pèp rebèl sa a. Ou mete m' chèf pou m' gouvènen sou tout nasyon yo. Pèp mwen pa t' janm konnen, se yo menm k'ap sèvi m'.
44 (18:45) Moun lòt peyi yo ap flate m'. Kou yo tande vwa m', yo obeyi:
45 (18:46) Yo pèdi tout kouraj yo. Yo soti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa.
46 (18:47) Viv Seyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre mwen! Ann fè konnen jan li gen pouvwa!
47 (18:48) Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen.
48 (18:49) Li sove m' anba lènmi m' yo. Li wete m' anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m' anba ansasen yo.
49 (18:50) Se poutèt sa, Seyè, m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. M'a chante pou fè lwanj ou.
50 (18:51) Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li te chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.
14 ¶ David te rete kache nan falèz ki nan dezè Zif la, Sayil menm chak jou t'ap chache l'. Men, Bondye pa janm lage David nan men Sayil.
15 Atousa David te pè toujou paske li te konnen Sayil te soti pou touye l'. David te bò lavil Oreya, nan dezè Zif la.
16 Jonatan, pitit Sayil la, al jwenn li la, li t'ap ba l' kouraj. Li t'ap di l' ki jan Bondye ap toujou la avèk li.
17 Li t'ap di l' konsa: -David monchè, ou pa bezwen pè! Sayil, papa m', p'ap janm ka jwenn ou. Se ou menm ki gen pou wa pèp Izrayèl la. Mwen menm, m'ap vin apre ou. Ata Sayil, papa m', konn sa tou!
18 De mesye yo koupe yon kontra pou yo toujou zanmi devan Seyè a. David rete lavil Oreya, Jonatan ale ale l' lakay li.
16 ¶ Ann di Bondye mèsi, li menm ki fè Tit devwe pou nou, menm jan avè mwen!
17 Tit te asepte fè sa m' te mande l' fè a. Men, li te sitèlman prese vin ede nou, se li menm menm ki pran desizyon ale lakay nou.
18 Nou voye yon frè avè li. Tout moun nan legliz yo ap nonmen non frè sa a pou jan l' travay pou anonse bon nouvèl la.
19 Apre sa, se legliz yo menm ki te chwazi l' pou vwayaje ansanm ak nou, pou ede ranmase lajan nou t'ap bay la. Lajan sa a gen pou sèvi yon lwanj pou Bondye, anmenmtan l'ap fè wè jan nou vle ede vre.
20 Nou pran tout prekosyon sa yo pou moun pa jwenn repwòch pou yo fè nou pou gwo lajan sa a ki nan men nou an.
21 N'ap chache fè tout bagay pwòp, pa sèlman devan Bondye, men devan tout moun tou.
22 N'ap voye yon lòt nan frè nou yo ak yo tou. Nou te swiv frè sa a anpil, li toujou moutre anpil devouman nan sèvis la. Men, koulye a li gen plis devouman toujou pou jan li fè nou konfyans anpil.
23 Konsa, Tit se yon bon zanmi m' k'ap travay ansanm avè m' pou nou. Pou lòt frè ki avè l' yo, se legliz yo ki voye yo. Se yon lwanj pou Kris la.
24 Fè yo wè jan nou renmen yo, pou legliz yo ka sèten nou renmen yo, pou yo ka konnen mwen gen rezòn pale byen pou nou konsa.