Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 9:9-20

(9:10) Moun y'ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.

10 (9:11) Moun ki konnen ou, Seyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.

11 ¶ (9:12) Ann fè lwanj Seyè a k'ap gouvènen sou mòn Siyon an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè.

12 (9:13) Bondye chonje moun k'ap soufri yo, li pa bliye rèl malere yo, li pini moun ki fè yo mal.

13 (9:14) Gen pitye pou mwen, Seyè! Gade nan ki mizè moun ki rayi m' yo mete m'. vin sove m'! Pa kite m' mouri, Seyè,

14 (9:15) pou m' ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m' di yo poukisa m'ap fè lwanj ou. M'ap kontan nèt, paske ou te delivre m'.

15 (9:16) Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li.

16 (9:17) Seyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo.

17 (9:18) Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou.

18 (9:19) Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon.

19 (9:20) Leve non, Seyè! Pa kite lèzòm genyen batay la! Mennen moun lòt nasyon yo vin jije devan ou.

20 (9:21) Fè kè yo kase, Seyè! Fè yo konnen se moun ase yo ye.

1 Samyèl 17:55-18:5

55 Lè Sayil wè David t'ap mache al kontre ak sòlda Filisti a, li mande Abnè, kòmandan lame li a: -Abnè, pitit ki moun jenn gason sa a ye? Abnè reponn li: -Monwa, mwen fè sèman, menm jan ou vivan an, mwen pa konnen l'.

56 Wa a di li: -Al chache konnen pitit ki moun li ye.

57 Apre David fin touye sòlda Filisti a, li tounen nan kan moun pèp Izrayèl yo. Abnè pran l', li mennen l' devan Sayil. David te kenbe tèt sòlda Filisti a nan men l' toujou.

58 Sayil mande l': -Ti gason, pitit ki moun ou ye hen! David reponn: -Mwen se pitit moun pa ou la, Izayi, moun lavil Betleyèm.

18 ¶ Lè David fin pale ak Sayil, kè Jonatan, pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l' tankou li renmen tèt pa li.

Depi jou sa a, Sayil fè David rete ak li, li pa kite l' tounen lakay papa l' ankò.

Jonatan mare zanmi ak David pou tout tan, paske li te renmen l' tankou li te renmen tèt pa li.

Li wete gwo rad ki te sou li a, li bay David li ansanm ak tout bagay li te genyen, ata nepe li, banza li ak sentiwon l'.

Chak fwa Sayil te voye David an misyon, kote li pase, li toujou reyisi. Se konsa Sayil moute l' grad, li fè l' chèf nan lame a. Sa te fè tout moun Sayil yo ansanm ak tout pèp la plezi.

Travay 21:1-16

21 ¶ Apre nou fin kite yo, nou pati sou batiman an. Nou fè k'ap tou dwat sou Kòs. Yon jou apre, nou te rive Wòd. Soti la, n' ale Patara.

La, nou jwenn yon batiman ki tapral peyi Finisi, nou moute abò l' epi nou pati.

Nou rive toupre lil Chip. Antan nou nan batiman an, nou te ka wè l' toupre konsa. Men, nou pase anba l' sou bò dwat li, nou fè k'ap pou peyi Siri. Nou fè tè lavil Tir. Batiman an te gen yon pakèt chay pou l' te debake la.

Nou jwenn kèk disip, nou pase sèt jou avèk yo. Lespri Bondye a te avèti yo pou yo te di Pòl pa moute Jerizalèm.

Lè sèt jou yo te pase, nou pati pou n' al fè wout nou. Tout disip yo, madanm yo ak tout pitit yo te kondi nou jouk andeyò lavil la. Nou tout nou mete ajenou sou rivaj la, nou lapriyè.

Apre sa, nou yonn di lòt orevwa. Nou moute abò, yo menm yo tounen lakay yo.

Nou soti lavil Tir nou rive lavil Tolemayis, se la nou fini vwayaj sou lanmè a. N' al di frè ki te la yo bonjou, nou pase yon jou avèk yo.

¶ Nan denmen, nou pati ankò, nou rive lavil Sezare. Nou antre lakay Filip, evanjelis la, nou fè ladesant la. Se te yonn nan sèt mesye yo te chwazi Jerizalèm yo.

Li te gen kat pitit fi ki pa t' marye, yo t'ap bay mesaj yo te resevwa nan men Bondye.

10 Te gen kèk jou depi nou te la lè yon pwofèt yo rele Agabis desann soti nan Jide.

11 Li vin jwenn nou. Li pran sentiwon ki te nan ren Pòl la, li mare de pye pa l' ak de men pa l' yo, epi li di: Men sa Sentespri deklare: Se konsa jwif Jerizalèm yo pral mare mèt sentiwon sa a; apre sa, y'ap lage l' nan men moun lòt nasyon yo.

12 Lè nou tande sa, nou menm ansanm ak tout moun Sezare yo t'ap di Pòl konsa: Tanpri souple, pa moute Jerizalèm.

13 Men, li reponn nou: Poukisa pou n'ap kriye konsa, pou n'ap chache kraze kouraj mwen konsa? Mwen menm, se pa pare sèlman mwen pare pou m' kite yo mare mwen. Menm si mouri vini, m'ap mouri pou Seyè Jezi nan Jerizalèm.

14 Lè nou wè nou pa t' kapab chanje lide l', nou pa pèsiste sou sa anko. Nou di: Sa Bondye vle a, se sa k'ap fèt.

15 ¶ Apre nou fin pase kèk jou la, nou ranje zafè nou, nou pati pou Jerizalèm.

16 Te gen kèk nan disip lavil Sezare yo ki te al ansanm avèk nou tou. Yo mennen nou lakay Nazon, moun lil Chip, ki te yon disip depi lontan. Se la nou fè ladesant.