Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Gwo rankont nan Jerizalèm nan
15 Kèk mesye te soti peyi Jide vin lavil Antyòch. Yo kòmanse anseye kwayan yo pawòl sa yo: “Si yon moun pa sikonsi jan lalwa Moyiz la mande l la,[a] li pa kapab sove.” 2 Pòl ak Banabas pa t dakò ak ansèyman mesye yo ditou. Sa te lakoz gwo diskisyon. Konsa, frè yo nan vil Antyòch deside voye Pòl ak Banabas, ansanm ak kèk lòt moun, ale Jerizalèm pou diskite kesyon an ansanm avèk apot yo ak lidè yo.
3 Legliz la te ede yo prepare pou vwayaj la. Lè yo derape, yo pase Fenisi epi yo pase Samari. Nan tout kote sa yo, yo fè moun yo konnen kijan moun ki pa Jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout kwayan yo te kontan anpil lè yo tande nouvèl sa yo. 4 Lè mesye yo rive Jerizalèm, ni apot yo, ni lidè yo ansanm ak tout legliz la nèt te byen resevwa yo. Apre sa, Pòl ak Banabas ansanm ak lòt frè yo, rakonte tout sa Bondye te pèmèt yo fè. 5 Te gen kèk nan kwayan Jerizalèm yo ki te fè pati gwoup Farizyen yo. Kwayan sa yo leve kanpe, yo di: “Kwayan lòt nasyon yo fèt pou yo sikonsi. Fòk nou mande yo pou yo obsève lalwa Moyiz la.”
Lèt la pou kwayan lòt nasyon yo
22 Apot yo, lidè yo ansanm ak tout legliz la nan Jerizalèm te jije bon pou voye kèk moun pami yo ale Antyòch avèk Pòl ak Banabas. Konsa, yo chwazi Jid, yo te konn rele Basabas, ansanm ak Silas. Frè yo nan Jerizalèm te respekte de mesye sa yo anpil. 23 Men lèt gwoup la te bay mesye yo pot ale a:
Apot yo ansanm ak lidè yo, ki se frè nou nan lafwa,
voye bonjou pou tout frè nou yo ki pa Jwif, k ap viv nan lavil Antyòch, nan peyi Siri ak nan Silisi.
24 Nou aprann gen moun ki te soti bò isit la, yo ale lakay nou pou y al twouble nou. Pawòl moun sa yo pale yo boulvèse lespri nou. Nou vle nou konnen se pa nou menm ki te voye mesye sa yo al preche bagay konsa. 25 Se sa k fè, nou tout dakò ansanm pou n chwazi kèk moun pami nou pou voye lakay nou. Y ap vini ansanm ak de frè byenneme nou yo, Banabas ak Pòl. 26 De mesye sa yo ki gentan livre lavi yo pou yo sèvi Jezikris, Senyè nou an. 27 Nou chwazi voye Jid ak Silas ak yo. Menm mesaj nou ekri voye ban nou an, mesye sa yo va di nou l nan bouch. 28 Nou konprann se ve Sentespri a, epi se ve pa nou tou, pou nou pa mete okenn lòt fado sou do nou, eksepte sa k vrèman nesesè.
29 Pa manje manje yo te ofri bay zidòl.
Pa manje vyann bèt ki mouri toufe, osinon vyann ki atout san ladan l.
Pa fè sèks ak yon moun ki pa madanm ou.
Si nou evite fè mòd bagay sa yo, n ap fè byen.
Gras Bondye avèk nou!
30 Se konsa, Pòl, Banabas, Jid ansanm ak Silas kite Jerizalèm y ale Antyòch. Lè yo rive la, yo rasanble tout kwayan yo ansanm epi yo ba yo lèt la. 31 Lè kwayan yo fin li lèt la, yo pa t manke kontan, paske yon lèt konsa te ankouraje yo anpil. 32 Jid ak Silas, ki te pwofèt tou, te pase bon tan ap preche kwayan yo pou rekonfòte yo ak pou fè lafwa yo vin pi solid. 33 Jid ak Silas te rete Antyòch pou yon ti tan, epi yo pati. Kwayan yo te swete yo yo bon vwayaj, epi yo retounen al jwenn moun ki te voye yo a. 34 [a]
35 Men Pòl ak Banabas te rete Antyòch. Yo menm ansanm ak anpil lòt te anseye kwayan yo epi yo preche anpil moun mesaj Bòn Nouvèl Senyè a.
Copyright © 2017 by Bible League International