Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 133

133 ¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!

Se tankou yon lwil santi bon yo vide sou tèt Arawon, k'ap koule sou bab li desann nan kou rad li.

Se tankou lawouze ki soti sou mòn Emon, k'ap desann sou mòn Siyon yo. Se la Seyè a pwomèt pou l' bay benediksyon l', lavi ki p'ap janm fini an.

Danyèl 2:1-23

¶ Wa Nèbikadneza t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen, lè li fè divès rèv. Sa te boulvèse lespri l' anpil. Li pa t' ka dòmi.

Li fè chache divinò, moun ki li zetwal, moun ki fè cham ak nèg save pou yo vin esplike wa a rèv li fè yo. Lè yo rive, yo kanpe devan wa a.

Wa a di yo konsa: -Mwen fè yon rèv k'ap boulvèse m' anpil. Mwen ta renmen nou fè m' konnen sa li vle di.

Mesye yo reponn wa a nan lang arameyen. Yo di l' konsa: -Se pou wa a viv pou tout tan! Se sèvitè ou nou ye. Rakonte nou rèv la, n'a esplike ou sa l' vle di.

Wa a reponn, li di mesye yo: -Mwen deside se nou ki pou rakonte m' rèv mwen te fè a, lèfini, pou nou fè m' konnen sa li vle di. Si nou pa kapab, m'ap fè yo depatcha nou, m'ap fè yo kraze kay nou ra pye tè.

Men, si nou rakonte m' rèv mwen te fè a, si nou fè m' konnen sa li vle di, m'ap fè nou kado anpil bagay. M'ap fè bèl bagay pou nou. Annou wè. Rakonte m' rèv la. Di m' sa li vle di.

Mesye yo reponn wa a yon dezyèm fwa: -Si monwa ta vle rakonte nou rèv la, n'a fè l' konnen sa li vle di.

Wa a di: -Mwen sèten nou soti pou n' fè lè, paske nou konnen mwen fin deside

si nou pa rakonte m' rèv la, m'ap fè nou tout pase menm jan an. Nou mete tèt ansanm pou nou ban m' manti, paske nou kwè yon lè sa va chanje. Se nou ki pou rakonte m' rèv mwen te fè a. Lè sa a, m'a konnen nou ka di m' sa rèv la vle di.

10 Nèg save yo reponn wa a, yo di l' konsa: -Pa gen pesonn sou tout latè ki ka fè wa a konnen sa l'ap mande la a. Se poutèt sa, pa janm gen wa, li te mèt gran kou l' gran, li te mèt gen pouvwa pase sa n' pa konnen, ki ka mande yon majisyen, yon moun ki li zetwal osinon yon nèg save bagay konsa.

11 Sa monwa ap mande la a se yon bagay ki difisil anpil. Pa gen moun sou latè ki ka fè l' pou ou. Se bondye yo ase ki ka fè sa. Men, bondye yo pa rete nan mitan moun.

12 Lè wa a tande sa, li move. Li fè yon sèl kòlè, li bay lòd touye dènye nèg save ki lavil Babilòn.

13 Se konsa yo fè tout moun nan peyi a konnen yo tapral touye tout nèg save yo. Y' al chache Danyèl ak zanmi l' yo pou touye yo tou.

14 ¶ Lè sa a, Danyèl al jwenn Ajòk, kòmandan gad palè wa a ki t'ap pase pou li al touye nèg save yo. Li pran san li pou l' pale byen avè l'.

15 Li di Ajòk, ofisye wa a: -Poukisa wa a bay lòd sevè sa a? Ajòk rakonte Danyèl sa ki pase.

16 Danyèl al mande wa a pou li ba li yon dèle pou l' ka fè wa a konnen sa rèv la vle di.

17 Apre sa, Danyèl al lakay li, epi li di Ananya, Michayèl ak Azarya, zanmi l' yo, sa ki genyen.

18 Li mande pou yo lapriyè Bondye ki nan syèl la pou li gen pitye pou yo, pou li fè yo konprann rèv la, konsa yo p'ap touye ni yo menm ni lòt nèg save lavil Babilòn yo.

19 Menm jou lannwit sa a, Bondye fè Danyèl konprann rèv la nan yon vizyon. Lè sa a, Danyèl fè lwanj Bondye ki nan syèl la.

20 Li di: -benediksyon pou Bondye pou tout tan tout tan. Se li ki gen tout konesans, se li ki gen tout fòs.

21 Li kontwole sezon yo ak lè pou chak bagay rive. Se li ki desann wa yo, se li ki moute wa yo. Se li ki bay nèg save yo bon konprann ak nèg lespri yo konesans.

22 Se li ki fè moun konnen tout sekrè ki kache. Li konnen tou sa ki nan fènwa. Limyè klere kote l' pase.

23 Bondye zansèt mwen yo, m'ap fè lwanj ou, m'ap di ou mèsi paske ou ban m' fòs ak bon konprann. Ou fè m' konnen sa nou te mande ou la, ou fè nou konnen sa ki t'ap boulvèse wa a.

Travay 4:23-31

23 ¶ Lage yo lage yo, Pyè ak Jan al jwenn gwoup zanmi yo, yo rakonte yo tou sa chèf prèt yo ak ansyen yo te di.

24 Lè disip yo tande sa, yo tout mete tèt ansanm pou lapriyè Bondye konsa: O Mèt, se ou menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo.

25 Pa pouvwa Sentespri, se ou menm ki te pale nan bouch sèvitè ou, David, zansèt nou, lè l' te di: Poukisa moun lòt nasyon yo t'ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo t'ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen konsa?

26 Wa latè yo pran pozisyon, chèf yo mete tèt yo ansanm sou do Bondye ak sou do Moun li chwazi a!

27 Se sa menm ki rive nan lavil sa a lè Ewòd ak Pons Pilat mete tèt yo ansanm ak moun lòt nasyon yo ak tout moun pèp Izrayèl la sou do Jezi, sèvitè ki t'ap viv pou ou a, moun ou te chwazi a.

28 Yo fè tou sa ou menm, nan tout pouvwa ou ak pwòp volonte ou, ou te deside davans ki pou te fèt la.

29 Koulye a, Bondye, gade ki jan y'ap fè nou menas. Bay sèvitè ou yo fòs pou yo ka fè konnen mesaj ou a avèk konviksyon.

30 Lonje men ou pou yo ka fè gerizon, mirak ak lòt bèl bagay nan non Jezi, sèvitè ki te viv pou ou a.

31 Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon.