Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
118 ¶ Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou!
2 Se pou pèp Izrayèl la di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
14 Se Seyè a ki tout fòs mwen, se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'.
15 Tande jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele anndan lakay yo, sitèlman yo kontan! Yo genyen batay la, yo delivre. Seyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li.
16 Pouvwa Seyè a se yon pakèt afè. Seyè a fè bèl bagay ak pouvwa li.
17 Non, mwen p'ap mouri. M'a viv! M'a rakonte sa Seyè a fè pou mwen.
18 Li te pini m' byen pini. Men, li pa t' touye m'.
19 ¶ Louvri pòt kay Bondye ki fè m' jistis la pou m' antre, pou m' di Seyè a mèsi.
20 Men pòt kay Seyè a! Se moun ki mache dwat devan l' sèlman ki ka pase ladan l'.
21 Seyè, m'ap di ou mèsi paske ou te koute m', paske se ou menm ki delivre m'.
22 Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.
23 Sa se travay Seyè a menm! Se bèl bagay pou nou wè sa!
24 Ala yon bèl jounen Seyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan!
3 ¶ Pandan plizyè nwit, m' kouche sou kabann mwen, m' chache moun mwen renmen anpil la. M' chache l', mwen pa jwenn li.
2 Apre sa, mwen leve, mwen pran mache nan tout lavil la, m' chache moun mwen renmen an nan tout lari, sou tout laplas yo. M' chache l', mwen pa jwenn li.
3 Gad k'ap mache fè patwouy nan lavil la kontre avè m'. Mwen mande yo: Souple! Nou pa wè nèg mwen renmen an pou mwen?
4 Kite mwen kite gad yo, mwen jwenn moun mwen renmen an. Mwen kenbe men l'. Mwen pa lage l' jouk mwen mennen l' kay manman m', nan chanm moun ki te pote m' nan vant li an.
5 Nou menm, medam lavil Jerizalèm, tanpri, tanpri souple! Fè m' sèman sou tèt gazèl bèf ak fenmèl kabrit ki lage nan savann yo. Pa deranje anmòrèz mwen lè l'ap dòmi. Pa leve l' san li pa vle.
6 ¶ Kisa k'ap vini sot nan dezè a? L'ap vini nan mitan de poto lafimen. Lè a gen sant lansan, li gen sant mant, li gen sant tout kalite poud santi bon machann vann.
7 ¶ Gade! Se yon kabann divan y'ap pote pou Salomon. Gen swasant sòlda k'ap eskòte l', swasant nan pi vanyan sòlda peyi Izrayèl la.
8 Yo tout gen anpil ladrès pou sèvi ak nepe. Se vyewo yo ye nan lagè. Yo chak gen nepe yo mare nan ren yo. Yo tou pare pou si yo ta atake yo lannwit.
9 Wa Salomon fè fè yon bèl divan sou branka pou li ak pi bon bwa peyi Liban,
10 Poto kwen yo fèt an ajan. Tèt divan an kouvri an lò. Matla a kouvri ak bèl twal wouj, tout anndan an bwode. Se medam lavil Jerizalèm yo ki fè l' pou li ak tout kè yo.
11 Soti non, medam mòn Siyon yo! Vin wè wa Salomon ak kouwòn manman l' te mete sou tèt li jou maryaj li, jou kè l' te kontan anpil la.
16 ¶ Lè jou repo a te fin pase, Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Jak, ansanm ak Salome, te achte medikaman pou y' al benyen kò Jezi.
2 Nan dimanch maten byen bonè, solèy te fèk ap leve, medam yo ale nan kavo a.
3 Yonn t'ap di lòt: -Ki moun ki pral woule wòch ki devan bouch kavo a pou nou?
4 Lè yo leve je yo, yo wè yo te gen tan woule wòch la sou kote. E se te yon gwo wòch.
5 Yo antre nan kavo a, yo wè yon jenn gason chita sou bò dwat la; li te gen yon wòb tou blan sou li. Yo te sezi, yo te pè.
6 Men, jenn gason an di yo: -Nou pa bezwen pè: N'ap chache Jezi, moun Nazarèt yo te kloure sou kwa a? Enben, li leve soti vivan nan lanmò, li pa isit la. Gade. Men kote yo te mete l' la.
7 Ale di disip li yo ansanm ak Pyè, li al tann yo nan peyi Galile. Se la y'a wè l', jan l' te di yo a.
8 Medam yo soti nan kavo a, yo pran kouri ale. Yo t'ap tranble kou fèy bwa, yo te pè anpil. Yo pa di pesonn anyen tèlman yo te pè.