Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
36 Pandan nou genyen limyè a, se pou n kwè nan limyè a, konsa nou va tounen pitit limyè.” Apre Jezi fin pale konsa ak yo, li pati l al kache.
Kèk Jwif derefize kwè Jezi
37 Menm lè Jezi fè tout mirak sa yo devan pèp la, yo pa t kwè nan li 38 pou pawòl pwofèt Ezayi sa a te kapab akonpli:
“Senyè, kilès ki kwè nan sa yo tande n ap di?
Pouki moun pouvwa Senyè a parèt aklè?”[a]
39 Men pou kisa yo pa t kapab kwè, se Ezayi menm ki di ankò:
40 “Li fè yo avèg
epi li fè kè yo di
pou yo pa wè nan je yo,
pou yo pa konprann nan kè yo,
pou yo pa ta vire vin jwenn mwen,
pou m ta geri yo.”[b]
41 Ezayi te di sa, paske li te wè glwa Jezi, epi li pale de li.
42 Poutan, pami chèf yo menm, anpil te kwè nan Jezi. Men poutèt Farizyen yo, yo pa t oze di sa, yo te pè pou yo pa t mete yo deyò nan Sinagòg la. 43 Yo te prefere lwanj moun ba yo pase lwanj Bondye.
Copyright © 2017 by Bible League International