Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 105:1-11

105 ¶ Lwanj pou Seyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè!

Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout mèvèy li te fè yo!

Fè kè nou kontan paske se moun pa l' nou ye. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Seyè a fè fèt!

Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou, toujou chache rete devan li.

-(we vèsè pwochen)

Nou menm, pitit pitit Abraram, sèvitè Bondye, nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi, chonje mirak ak mèvèy li te fè. Chonje jijman ki te soti nan bouch li!

Seyè a se Bondye nou li ye. Lè li pase yon lòd se pou tout latè.

¶ -(we vèsè pwochen)

L'ap toujou chonje kontra li te pase ak Abraram. L'ap kenbe pwomès li, pwomès li fè Izarak la pou tout tan tout tan.

10 Sa li te pwomèt Abraram lan, li fè l' tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo, yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan.

11 Li te di: -M'ap ba ou peyi Kanaran an pou pòsyon ki rele ou pa ou nan byen m' yo.

Sòm 105:37-45

37 Apre sa, li fè pèp Izrayèl la pati avèk kantite lò ak ajan. Anyen pa t' rive yo yonn menm.

38 Moun peyi Lejip yo te fè fèt lè yo pati paske yo te pè anpil.

39 Seyè a mete yon nwaj pou pwoteje yo lajounen, yon dife pou klere yo lannwit.

40 Yo mande l' vyann, li ba yo zòtolan. Li ba yo pen ki soti nan syèl pou plen vant yo.

41 Li fann yon gwo wòch, sous dlo pete, dlo pran koule nan dezè a tankou larivyè.

42 Li te chonje pwomès li te fè a, pawòl li te bay Abraram, sèvitè l' la.

43 Se konsa li te fè pèp li a soti ak kè kontan, li te fè pèp li te chwazi a rele sitèlman yo te kontan.

44 Li ba yo tè lòt nasyon yo, li kite yo ranmase rekòt jaden lòt moun,

45 pou pèp li a te ka kenbe lòd li yo, pou yo te ka obeyi kòmandman li yo. Lwanj pou Seyè a!

Jenèz 22:1-19

22 ¶ Apre tout bagay sa yo, Bondye sonde Abraram pou wè sou ki pye li ye avè l'. Bondye rele l' -Abraram! Abraram! Abraram reponn-Men mwen wi!

Bondye di l': -Pran Izarak, pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an, pitit ou renmen anpil la. Ale nan peyi Morija, w'a moute sou tèt mòn mwen pral moutre ou la. Lè w'a rive la, w'a touye l'. Apre sa, w'a boule l' nèt pou mwen.

¶ Nan denmen maten, bonè bonè, Abraram leve, li sele bourik li, li pran Izarak ansanm ak de nan domestik li yo. Li fann kèk moso bwa pou l' fè dife pou boule vyann bèt l'ap ofri a. Epi li pati nan direksyon kote Bondye te di l' la.

Sou twa jou, Abraram gade, li wè kote a yon bon ti bout devan l'.

Abraram di domestik li yo. -Nou menm, mesye, rete isit la ak bourik la. Mwen menm ak ti gason an, nou pral jouk lòt bò a, pou nou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n'a tounen vin jwenn nou.

Abraram pran bwa pou fè dife a, li bay Izarak pote li. Li menm, li pote bagay pou limen dife a ansanm ak yon kouto nan men l'. Yo tout de pati ansanm.

Pandan y'ap mache konsa, Izarak di Abraram: -Papa! Abraram reponn: -Wi, pitit mwen! Izarak mande l': -Mwen wè ou gen dife ak bwa. Men, kote mouton pou boule a?

Abraram reponn: -Pitit mwen, se sou kont Bondye sa ye. Yo toude t'ap kontinye mache ansanm.

Lè yo rive kote Bondye te di l' la, Abraram moute yon lotèl, li ranje bwa yo sou li. Li mare Izarak, pitit gason l' lan, li mete l' sou lotèl la, anwo bwa yo.

10 Apre sa, li lonje men l', li pran kouto a pou l' koupe kou ti gason an.

11 ¶ Men, zanj Bondye a rete nan syèl la, li rele l': -Abraram! Abraram! Abraram reponn. -Men mwen wi!

12 Zanj lan di l' -Pa leve men ou sou ti gason an. Pa fè l' anyen. Koulye a mwen konnen ou gen krentif pou Bondye vre, paske ou pa t' derefize touye sèl pitit gason ou lan pou mwen.

13 Abraram voye je l', li wè yon belye mouton ki te gen kòn li yo makònen nan yon lyann. li ale, li pran mouton an, li touye l', li boule li nèt sou lotèl la pou Bondye nan plas pitit li a.

14 Abraram rele kote sa a: Se sou kont Seyè a sa ye. Se poutèt sa, jouk jòdi a, moun ap repete: Sou mòn Seyè a, tout bagay sou kont li.

15 ¶ Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Abraram yon dezyèm fwa, li di l' konsa:

16 -Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen gen pou m' beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pa t' refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an.

17 Mwen pwomèt pou m' ba ou anpil pitit pitit. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè. Y'a bat tout lènmi yo.

18 Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fè sa m' te mande ou fè a.

19 Abraram tounen bò kote domestik li yo, domestik yo pati ansanm avè l' pou peyi Bècheba, kote Abraram te rete a.

Ebre 11:1-3

11 ¶ Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou l' resevwa sa l'ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou egziste tout bon vre.

Se paske granmoun lontan yo te gen konfyans nan Bondye kifè Bondye te moutre li dakò ak yo.

Se paske nou gen konfyans nan Bondye kifè nou ka konprann se Pawòl Bondye a ki kreye tout bagay. Li sèvi ak sa nou pa ka wè pou li te fè tou sa nou ka wè.

Ebre 11:13-19

13 Tout moun sa yo mouri ak konfyans pou Bondye nan kè yo. Yo pa t' gen tan resevwa benediksyon Bondye te pwomèt yo, men yo wè benediksyon yo byen, lwen, yo salwe yo delwen. Yo tout te deklare se etranje depasaj sou latè yo ye, tankou moun yo depòte.

14 Lè yo t'ap pale konsa, yo te tou fè moun wè yo t'ap chache yon peyi ki peyi pa yo.

15 Si yo te regrèt latè apre yo te fin kite l', yo ta ka gen chans tounen ladan l' ankò.

16 Okontrè, yo te dèyè yon lòt peyi ki pi bon, sa vle di: peyi ki nan syèl la. Se poutèt sa, Bondye pa wont di se Bondye yo li ye, paske l'ap pare yon lavil pou yo.

17 Se paske Abraram te gen konfyans nan Bondye kifè li te asepte touye Izarak tankou yon ofrann bèt bay Bondye, lè Bondye te vle wè jouk ki bò konfyans li t'ap rive a. Abraram te tou pare pou l' te ofri bay Bondye sèl pitit gason Bondye te pwomèt li a.

18 Bondye te di l' konsa: Se Izarak ki pral ba ou anpil pitit pitit.

19 Men, Abraram te mete nan tèt li Bondye te gen pouvwa pou l' te fè Izarak leve vivan ankò soti nan lanmò. Se konsa, nan yon sans, nou ka di Izarak soti vivan nan lanmò, li tounen vin jwen papa l' ankò.