Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
3 Si Bòn Nouvèl nou anonse a pa parèt aklè, se pou moun k ap peri yo li pa klè. 4 Chèf[a] mond sa a avegle entèlijans moun ki pa kwè yo. Konsa, yo pa ka wè limyè Levanjil laglwa Kris la k ap briye. Tout sa Bondye ye se sa Kris la ye. 5 Nou p ap pale moun de pwòp tèt nou. Men n ap fè moun konnen Jezikris se Senyè. Nou menm nou se sèvitè Jezi. 6 Paske yon jou, Bondye di: “Se pou limyè briye nan fènwa.”[b] Se menm Bondye sa a ki fè limyè li briye nan kè nou. Li fè nou konnen glwa li k ap briye sou vizaj Kris la.
Kèk nan disip yo wè Jezi ansanm ak Moyiz epi Eli
(Mat 17:1-13; Lik 9:28-36)
2 Sis jou apre sa, Jezi te mennen Pyè, Jak ak Jan sou yon tèt mòn byen wo. Se te mesye sa yo sèlman ki te avèk Jezi. Epi devan disip yo li te kòmanse transfòme. 3 Rad li te klere tou blan. Pa gen yon klowòks sou latè ki te ka fè yo blan konsa. 4 Epi, men Moyiz ak Eli te vin parèt ap pale ak Jezi.
5 Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa: “Mèt, li bon pou nou ta rete isit la! Si ou dakò, m ap monte twa tant, youn pou ou, youn pou Moyiz epi youn pou Eli.” 6 Pyè pa t konnen sa pou li paske li menm ak lòt disip yo te ranpli ak pèrèz.
7 Apre sa, yon nwaj klere vin kouvri yo, epi yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen, pitit mwen chwazi a, tande l lè l pale!”
8 Lè disip yo voye je vit gade toutotou, sèl moun yo te wè devan yo se Jezi ki te la avèk yo.
9 Pandan Jezi ak disip yo t ap desann mòn nan, li di yo pou yo pa di pèsonn moun sa yo sot wè a jouktan Pitit Lòm nan leve soti vivan nan lanmò.
Copyright © 2017 by Bible League International