Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Ezayi 40:21-31' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 147:1-11' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 147:20' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 9:16-23

16 Se pa preche levanjil la non ki fè m fyè de tèt mwen, dayè se devwa mwen m ap fè. Malè avè m, si m ta sispann preche levanjil. 17 Si se te mwen menm ki te chwazi preche levanjil kòm yon travay, lè sa a mwen t ap gen dwa ak yon salè. Men se pa t chwa pa m, se yon misyon Bondye konfye m. 18 Alò, ki salè mwen? Salè mwen se pou m ofri levanjil la gratis, san m pa itilize dwa travay sa ban mwen.

19 Mwen lib! Mwen pa esklav pèsòn! Poutan, mwen konpòte tèt mwen tankou esklav tout moun. Mwen fè l pou m ka ede sove pi plis moun posib. 20 Lè m ak Jwif yo mwen viv tankou Jwif, pou m ka ede sove Jwif yo. Lè m ak moun k ap viv sou lalwa mwen viv kòmsi m te sou lalwa, menmsi an reyalite mwen pa sou lalwa. Mwen fè sa pou m ka ede sove moun ki ap viv sou lalwa. 21 Menm jan an tou, lè mwen avèk moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv epi fè kòmsi mwen pa t konnen lalwa Moyiz la. Mwen fè sa pou m ka ede sove moun ki pa konnen lalwa Moyiz la. An reyalite mwen anba lalwa Bondye, paske mwen soumèt mwen anba lwa Kris la. 22 Lè m ak moun ki fèb, mwen viv kòmsi m te fèb. Mwen fè sa pou m ka ede sove moun ki fèb. 23 Mwen fè tout sa pou m ka fè konnen bòn nouvèl la. Mwen fè tout sa pou m ka patisipe nan benediksyon levanjil la.

Mak 1:29-39

Jezi geri anpil moun

(Mat 8:14-17; Lik 4:38-41)

29 Tousuit apre, Jezi avèk moun ki t ap swiv li yo soti nan sinagòg la. Yo ale lakay Simon ak Andre ansanm avèk Jak epi Jan. 30 Bèlmè Simon an te twouve l kouche malad ak lafyèv. Moun nan kay la di Jezi sa. 31 Jezi pwoche bò kote madanm lan, Jezi te touche men madanm lan epi lafyèv la tonbe. Madanm nan leve epi li te sèvi moun yo manje.[a]

32 Nan aswè, apre solèy te fin kouche, moun nan Kapènawòm mennen yon pakèt moun malad ak moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. 33 Tout vil la te rasanble devan pòt kay la. 34 Jezi geri yon pil moun ki te gen tout kalite maladi, li chase anpil demon ki te sou yo tou. Men li pat pèmèt demon yo pale, paske demon yo te konnen kilès li ye.

Jezi ale nan lòt vilaj yo

(Lik 4:42-44)

35 Byen bonè nan demen maten, anvan menm li fè jou, Jezi kite kay la, l ale nan yon ti kote apa pou li priye. 36 Simon ak moun ki te avèk li yo te soti pou yo al chache Jezi. 37 Lè yo jwenn Jezi, yo di li: “Tout moun ap chache w wi.”

38 Men Jezi reponn yo: “Ann al nan lòt ti vil yo tou pou m kapab preche yo tou, paske se pou sa m vini nan zòn nan.” 39 Se konsa li te mache bay mesaj la nan sinagòg yo ki nan tout rejyon Galile a, epi li t ap chase demon.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International