Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
139 ¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Seyè, ou sonde m', ou konnen ki moun mwen ye.
2 Ou konnen lè m' chita, ou konnen lè m' kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen.
3 Mwen te mèt ap mache, mwen te mèt kouche, ou wè m', ou konnen tou sa m'ap fè.
4 Mwen poko menm louvri bouch mwen, ou gen tan konnen tou sa mwen pral di.
5 Kote m' vire, ou la bò kote m', w'ap pwoteje m' ak pouvwa ou.
6 Konesans ou genyen yo twòp pou mwen. Yo depase m', mwen pa konprann yo.
13 Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m', se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m'.
14 M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.
15 Ou te konnen tout zo nan kò m', depi lè m' t'ap fòme kote moun pa t' ka wè a, depi lè ou t'ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a.
16 Depi anvan m' te fèt, tout lavi m' te devan je ou. Tou sa mwen tapral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.
17 ¶ Bondye, sa ki nan tèt ou twò difisil pou m' konprann, lèfini yo anpil!
18 Si m' ta vle konte yo, yo ta pi plis pase grenn sab ki bò lanmè. Si m' ta janm rive fin konte yo, mwen p'ap pi konnen ou pase sa.
21 Seyè a beni Ana ankò. Ana fè senk lòt pitit, de fi twa gason. Ti Samyèl menm t'ap grandi nan kay Seyè a.
22 Eli te fin granmoun. Li te tande moun ap di tou sa pitit gason l' yo t'ap fè moun Izrayèl yo pase, jan yo te menm rive kouche ak medam ki t'ap travay nan pòtay devan Kay Randevou a.
23 Lè sa a, li di yo konsa: -Poukisa n'ap fè bagay konsa? Mwen tande tout vye koze y'ap di sou nou nan pèp la.
24 Sispann non, pitit mwen yo! Paske, sa m' tande y'ap di sou nou yo se pa bèl bagay menm.
25 Si yon moun fè yon lòt yon bagay mal, Seyè a ka pran defans li. Men lè se Bondye menm yon moun fè mal, ki moun ki va pran defans li? Men, mesye yo pa t' vle koute sa papa a t'ap di yo, paske Seyè a te fin pran desizyon l' pou l' te touye yo.
25 ¶ Se konsa, nan Peyi Wa ki nan syèl la se va tankou istwa dis jennfi ki pran lanp yo, ki soti al kontre msye marye a.
2 Senk nan yo te tèt chaje, senk lòt yo te gen bon konprann.
3 Tèt chaje yo te pran lanp yo ase. Yo pa t' pote gaz an rezèv.
4 Men sa ki te gen bon konprann yo te pote yon boutèy plen gaz ansanm ak lanp yo.
5 Pandan yo t'ap tann msye marye a ki te an reta, yo tout pran kabicha, dòmi vòlò yo.
6 Nan mitan lannwit lan, yon rèl pati: Men msye marye a. Ann al kontre li.
7 Dis jennfi yo leve, yo pran pare lanp yo.
8 Tèt chaje yo mande sak gen bon konprann yo: Tanpri, ban nou ti gout nan gaz nou pote a, paske lanp pa nou yo ap mouri.
9 Men, senk ki te gen bon konprann yo reponn: Non, nou pa kapab, paske pa gen ase pou nou tout. Pito n' al achte nan men machann yo.
10 Antan tèt chaje yo al achte gaz la, msye marye a vin rive. Senk jennfi ki te pare yo antre ansanm avè l' nan kay nòs la. Yo fèmen pòt la dèyè yo.
11 Pita, lòt jennfi yo vin rive, yo di konsa: Mèt, Mèt, louvri pou nou.
12 Men msye marye a reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: m' pa konnen nou.
13 Apre sa, Jezi di yo: Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske, nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive.