Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Twa anj yo
6 Apre sa, m wè yon lòt anj ki t ap vole byen wo nan syèl la. Anj lan te gen pou l te bay moun k ap viv sou latè yo yon Bòn Nouvèl ki va dire pou tout tan, pou tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp. 7 Anj lan t ap rele byen fò: “Se pou n gen krentif pou Bondye, ba li glwa, paske lè a rive pou Bondye jije tout nasyon yo. Adore Bondye, li menm ki te fè syèl la ak tè a, lanmè a ak sous dlo yo.”
8 Yon dezyèm anj vini apre premye a, li t ap rele byen fò: “Li kraze! Li kraze! Gwo lavil Babilòn nan! Li te fè tout nasyon yo bwè nan diven peche seksyèl sovaj li a.”
9 Yon twazyèm zanj parèt apre de premye yo. Li di byen fò: “Si yon moun adore bèt la ak estati zidòl li a, si yon moun resevwa mak li sou fon l oubyen sou men l, 10 li menm tou l ap bwè nan gode diven san melanj kòlè Bondye a. Moun konsa va soufri anpil nan toumant dife, devan anj ki apa pou Bondye yo ak devan Ti Mouton an tou! 11 Dife k ap toumante yo a ap bay yon lafimen pou tout tan gen tan. P ap gen okenn repo, lajounen kou lannuit, pou moun sa yo ki adore bèt la ak zidòl li a oubyen ki te pote mak non bèt la.” 12 Se poutèt sa, moun ki apa pou Bondye yo, moun k ap obeyi kòmannman Bondye epi ki kwè nan Jezi, yo dwe gen pasyans.
13 Apre sa, mwen tande yon vwa ki soti nan syèl la. Li di: “Ekri sa: Depi kounye a, moun ki mouri nan sèvis Senyè a byennere.” Sentespri a di: “Se vre, y ap repoze apre anpil travay yo te fè. Wi, zèv yo ap rann temwanyaj pou yo.”
Copyright © 2017 by Bible League International