Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 105:1-6

105 ¶ Lwanj pou Seyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè!

Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout mèvèy li te fè yo!

Fè kè nou kontan paske se moun pa l' nou ye. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Seyè a fè fèt!

Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou, toujou chache rete devan li.

-(we vèsè pwochen)

Nou menm, pitit pitit Abraram, sèvitè Bondye, nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi, chonje mirak ak mèvèy li te fè. Chonje jijman ki te soti nan bouch li!

Sòm 105:16-22

16 Lè Seyè a te voye yon grangou sou peyi yo a, lè li te koupe tout viv yo,

17 li te voye Jozèf devan yo, menm Jozèf yo te vann tankou esklav la.

18 Yo te mete pye l' nan sèp, yo te pase yon chenn nan kou li,

19 jouk sa li te di a te rive vre. Konsa, pawòl Seyè a te fè wè se Jozèf ki te gen rezon.

20 Wa peyi Lejip la te wete l' nan chenn yo, chèf nasyon yo te fè lage l'.

21 Li mete l' chèf sou tout moun lakay li, li mete l' pou l' gouvènen tout peyi a.

22 Li ba li kat blanch sou tout chèf yo, li ba li otorite pou l' moutre notab yo sa pou yo fè.

Sòm 105:45

45 pou pèp li a te ka kenbe lòd li yo, pou yo te ka obeyi kòmandman li yo. Lwanj pou Seyè a!

Jenèz 36:1-8

36 ¶ Men pitit pitit Ezaou yo. Se Ezaou sa a yo te rele Edon.

Ezaou te chwazi fi nan moun peyi Kanaran yo pou madanm. Yonn te rele Ada. Se te pitit fi Elon, yon moun Et. Yon lòt te rele Olibama, pitit fi Ana, ki li menm te pitit fi Zibeyon, yon moun Evi.

Li te marye tout ak Basmat, pitit fi Izmayèl la, sè Nebajòt.

Se Ada ki te fè Elifaz pou Ezaou. Basmat te fè Reouyèl,

Olibama menm te fè Jeouch, Jalam epi Kore. Se tout pitit sa yo Ezaou te fè antan li te nan peyi Kanaran.

Yon jou, Ezaou pran madanm li yo, pitit gason l' yo, pitit fi li yo, tout moun ki te lakay li, tout mouton l' yo, tout kabrit li yo ansanm ak tou sa li te genyen nan peyi Kanaran, li pati pou yon lòt peyi byen lwen Jakòb, frè li.

Li te fè sa paske tè kote li t'ap viv ansanm ak Jakòb, frè l' la, te vin twò piti pou yo. Yo te vin gen twòp bèt, yo pa t' kapab rete ansanm ankò menm kote a.

Se konsa Ezaou, yo rele Edon tou, al rete nan mòn Seyi.

Travay 18:24-28

24 ¶ Yon jwif yo te rele Apolòs rive lavil Efèz. Se te moun lavil Aleksandri. Nonm sa a te konn pale byen, li te konn tou sa ki te ekri nan Liv yo.

25 Yo te moutre l' chemen Bondye a. Depi lè sa a, li te cho pou l' te anonse pawòl la. San dezanpare li t'ap moutre moun yo tou sa li te konnen sou Jezi yon jan ki konfòm ak verite a. Men, se batèm Jan an ase li te konnen.

26 Li t'ap pale avèk fòs konviksyon nan sinagòg la. Lè Prisil ak Akilas tande l', yo pran l' avèk yo epi yo fin moutre li chemen Bondye a yon jan ki pi korèk.

27 Apre sa, Apolòs fè lide ale Lakayi. Frè yo te ankouraje li. Yo ekri yon lèt voye bay disip yo ki nan peyi sa a pou yo te byen resevwa Apolòs. Lè li rive Lakayi, li bay moun Bondye te fè favè kwè yo yon gwo konkou.

28 Se avèk gwo konviksyon devan tout moun li t'ap moutre jwif yo ki jan yo te nan lerè: li pran sa ki ekri nan Liv yo a, li t'ap ba yo prèv se Jezi ki Kris la.