Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 65:8-13' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jenèz 46:2-47:12' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mak 4:30-34

Yon lòt istwa sou wayòm

(Mat 13:31-32,34-35; Lik 13:18-19)

30 Apre sa, Jezi di: “Avèk kisa nou ta konpare wayòm Bondye a? Ak ki parabòl nou ta sèvi pou eksplike l? 31 Wayòm Bondye a tankou sa k rive you ti grenn moutad lè ou plante l nan tè. Se li ki pi piti pase tout semans sou latè. 32 Men lè ou plante l, li grandi, li vin pi gwo plant ki genyen. Li fè gwo branch ki fè zwazo nan syèl la ka fè nich yo nan lonbraj li.”

33 Se avèk anpil istwa konsa Jezi t ap sèvi pou fè moun reflechi. Li anseye yo yon fason pou yo te kapab konprann. 34 Li pa t janm di yo yon bagay san li pa sèvi ak yon istwa pou fè moun reflechi. Men lè l te pou kont li ak disip yo li te eksplike yo tout istwa yo.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International