Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
55 Men Etyèn menm te anba pouvwa Sentespri a. Li leve je l anlè, li gade syèl la. Li wè Bondye Papa a nan tout glwa li, epi li wè Jezi, pitit la ki kanpe adwat papa a. 56 Lè sa a, Etyèn di: Gade, mwen wè syèl la louvri, epi mwen wè Jezi, pitit lòm nan kanpe sou bò dwat Bondye.
57 Konsa, tout moun ki te la yo tonbe fè yon pakèt gwo bri. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande sa Etyèn t ap di a, epi yo tout ansanm kouri sou li. 58 Yo trennen Etyèn mete deyò lavil la, epi yo tonbe kalonnen l ak kout wòch. Moun ki t ap akize Etyèn yo te retire rad yo bay yon jenn gason yo te rele Sòl pou siveye yo. 59 Pandan yo t ap kalonnen Etyèn anba kout wòch la, li menm li t ap lapriyè. Li t ap di: “Senyè Jezi, resevwa lespri mwen.” 60 Apre sa, Etyèn tonbe ajenou, li rele byen fò, li di: “Senyè, tanpri pa mete peche sa a sou kont yo.” Fini l fin di sa a, Etyèn mouri.
2 Se pou nou toujou vle bwè bon lèt espirityèl, san melanj tankou ti bebe ki fenk fèt. Lè sa a, n ap grandi epi n ap sove. 3 Nou gentan goute jan Senyè a bon deja.
4 Jezi, Senyè a, se wòch vivan an.[a] Lemonn voye l jete, men se li menm Bondye chwazi kòm wòch ki gen plis valè a. Se poutèt sa, vin jwenn li. 5 Vin jwenn li pou Bondye ka sèvi avèk nou menm tou tankou wòch vivan pou l bati yon tanp[b] espirityèl. N ap fòme yon kominote prèt ki sen, k ap ofri li sakrifis espirityèl ki bon, pa mwayen Jezikris. 6 Bib la di:
“Gade, mwen te chwazi yon wòch kwen ki gen anpil valè,
mwen mete wòch sa a nan Siyon kòm wòch ki pi enpòtan an.
Moun ki mete konfyans yo nan li
p ap janm wont.”[c]
7 Wòch sa a pote anpil onè pou nou menm ki kwè. Men pou moun ki pa kwè yo:
“Wòch bòs mason yo te refize sèvi a
vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.”[d]
8 Pou moun sa yo, li se
“yon wòch k ap fè moun fè bitay,
yon wòch k ap fè moun tonbe.”[e]
Moun yo fè bitay sou li, paske yo pa t ko kwè mesaj pawòl Bondye a. Se sa ki te dwe rive yo.
9 Men nou menm nou se pèp Bondye chwazi a, yon wayòm ki fèt ak prèt sèlman, yon nasyon ki apa, yon pèp sen pou Bondye. Bondye fè tou sa pou n ka fè louwanj pou li. Se li ki retire nou nan fènwa pou l mennen nou nan bèl limyè li a.
10 Nan tan lontan, nou pa t pèp Bondye,
men kounye a, nou se pèp Bondye.
Nan tan lontan, Bondye pa t gen konpasyon pou nou,
men kounye a Bondye gen konpasyon pou nou.[f]
Jezi ankouraje disip li yo
14 “Kè nou pa bezwen twouble. Se pou n kwè nan Bondye epi kwè nan mwen menm tou. 2 Lakay papa m gen anpil kote pou moun rete. Si sa pa t vre, èske m ta di nou mwen pral prepare yon plas pou nou? 3 Lè m va ale, epi m va fin prepare yon plas pou nou, m ap tounen epi m ap pran nou avèk mwen. Konsa, kote m ye a se la nou va ye tou. 4 Epi, nou konnen chemen kote m prale a.”
5 Toma di l konsa: “Senyè, nou pa konn kote w prale, kijan pou n fè konn chemen an?”
6 Jezi di l: “Mwen menm, mwen se chemen an, mwen se verite a, epi mwen se lavi. Pa gen okenn moun ki janm rive kote Papa a san pase pa mwen. 7 Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m tou. Epi depi kounye a, nou konnen l epi nou gentan wè l.”
8 Filip di l konsa: “Senyè, fè nou wè Papa a epi n ap satisfè.”
9 Jezi di l: “Pou tanndat mwen avèk nou epi w pa konnen m, Filip! Moun ki wè m se Papa a li wè, kijan w fè di pou m montre w Papa a? 10 Èske w pa kwè mwen nan Papa a epi Papa a nan mwen? Pawòl m ap di yo, mwen pa pale pou pwòp tèt pa m, men se Papa a ki nan mwen k ap fè sa m ap fè yo. 11 Kwè m si nou vle, lè m di: Mwen nan Papa a epi Papa a nan mwen. Sinon, kwè kanmenm poutèt mirak yo.
12 An verite, an verite, m ap di nou: Moun ki kwè nan mwen ap fè menm sa m fè yo. Epi l ap fè pi gwo bagay toujou, paske mwen menm m prale kote Papa a, 13 epi tout sa nou va mande nan non m, m ap fè l, pou Papa a kapab glorifye nan Pitit la. 14 Si nou mande m yon bagay nan non mwen, m ap fè l.
Copyright © 2017 by Bible League International