Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Jezi parèt sou sèt disip
21 Apre sa, Jezi fè disip yo wè l ankò bò lanmè Galile[a] a. Men kijan sa te pase: 2 Simon Pyè, Toma yo te rele Didim[b] nan, Natanayèl moun Kana nan teritwa Galile a, de pitit Zebede yo ak de lòt disip, yo tout te ansanm. 3 Simon Pyè di yo konsa: “Mesye, m pral lapèch wi.”
Yo di l: “Nou pral avèk ou.” Yo soti epi yo monte nan kannòt la. Men, tout nuit lan pase yo pa pran anyen.
4 Bonè nan maten, Jezi kanpe bò dlo a, men disip yo pa t konnen se te Jezi. 5 Li di yo: “Mesye m yo,[c] nou pa gen anyen ki ka manje?”
Yo reponn li: “Non.”
6 Li di yo: “Voye filè a bò dwat kannòt la, n ap jwenn kèk pwason.” Yo voye filè epi li te tèlman chaje ak pwason yo pa t kapab tire l.
7 Lè sa a, disip Jezi te renmen an di Pyè: “Se Senyè a!” Fini Simon Pyè fin tande se Senyè a, li foure rad sou li, li mare senti l, paske l pa t gen anyen sou li, li voye kò l nan lanmè a. 8 Lòt disip yo vini avèk kannòt la, yo te rale filè a tou plen pwason, yo pa t lwen tè, yon san (100) mèt[d] konsa. 9 Lè yo fin desann atè, yo wè dife bwa ki te gen pwason ap kuit sou li, epi te genyen kèk pen la tou. 10 Jezi di yo konsa: “Pote kèk nan pwason nou sot pran yo vini.”
11 Simon Pyè monte ankò nan kannòt la, li rale filè a atè, li te plen ak sansenkant twa gwo pwason. Epi menm avèk tout pwason sa yo, filè a pa t chire. 12 Jezi di yo konsa: “Mesye, vin manje.” Pa t gen youn nan disip yo ki te oze mande l ki moun li ye. Yo te konnen byen se te Senyè a. 13 Jezi vini, li pran pen, li ba yo. Li te fè menm bagay ak pwason an.
14 Se te twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l depi l te fin resisite a.
Copyright © 2017 by Bible League International