Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
11 Mari te rete deyò toupre kav la, epi li t ap kriye. Ak je l tou plen dlo, li panche gade anndan kav la 12 epi li wè de anj abiye tou de blan, yo chita egzakteman kote kò Jezi te ye a, youn nan tèt, epi lòt la nan pye.
13 Yo di l konsa: “Madam, pou kisa ou ap kriye konsa?”
Li reponn yo: “Yo wete kò Senyè m nan epi m pa konnen kote yo mete li.” 14 Pandan l ap pale, li vire, epi li wè Jezi ki kanpe la, men li pa t konnen si se te li menm.
15 Jezi di l konsa: “Madam, pou kisa ou ap kriye? Kilès ou ap chache?”
Men li menm, li panse se te responsab jaden an, li di l: “Mesye, si se ou ki wete l, di m kote w mete l, m va al pran li.”
16 Jezi di l: “Mari!”, Mari vire je li, li di nan lang Arameyen: “Rabouni!”, sa vle di “Mèt mwen”.
17 Jezi di l: “Pa kenbe m! Paske m poko monte ale jwenn Papa m. Sa w gen pou fè, ale jwenn disip mwen yo,[a] di yo mwen monte al jwenn Papa m, ki Papa nou tou, mwen ale jwenn Bondye m, ki Bondye pa nou tou.”
18 Mari, moun Magdala a, te vin di disip yo konsa: “Mwen wè Senyè.” Epi li di yo sa Senyè a te di l.
Jezi parèt devan disip li yo
(Mat 28:16-20; Mak 16:14-18; Lik 24:36-49)
19 Premye jou nan senmenn nan, byen ta nan apre midi, disip yo te ansanm nan yon kay. Poutèt yo te pè Jwif yo, yo fèmen pòt la. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo epi li di yo: “Lapè avèk nou!” 20 Apre l fin di sa, li montre yo men l yo ak bò kòt li. Lè disip yo te wè Senyè a, se pa ti kontan yo te kontan.
Copyright © 2017 by Bible League International