Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Jenèz 2:15-17' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jenèz 3:1-7' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 32 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 5:12-19

Adan ak Kris

12 Peche te antre nan lemonn poutèt sa yon nonm te fè. Epi, poutèt peche, lanmò vini. Se poutèt sa, tout moun dwe mouri, paske tout moun fè peche. 13 Peche te gentan la anvan Lalwa Moyiz la. Men Bondye pa t pran nòt pou peche yo lè pa t ko gen lalwa. 14 Men depi sou tan Adan, rive sou tan Moyiz, lanmò ap renye sou tout moun. Adan te mouri paske l te peche lè l pa t obeyi lòd Bondye te pase l. Konsa, menm moun ki pa t fè menm kalite peche ak Adan, yo te gen pou yo mouri tou. Adan sanble ak Kris la ki te gen pou vini apre sa.

15 Men, kado Bondye bay la pa menm jan ak peche Adan an. Anpil moun mouri poutèt peche yon sèl moun, ki se Adan. Men gras Bondye bay la, li pi enpòtan anpil. Gras sa a, Bondye bay li pa mwayen yon sèl moun, Jezikri. Li bay anpil moun li san mezire. 16 Apre Adan te fin peche, li te koupab epi kondane amò. Men gras Bondye a pa menm jan. Poutèt kado Bondye bay la, anpil moun tounen moun ki dwat devan Bondye, malgre yo fè anpil peche. 17 Yon sèl moun peche, epi lanmò vin gen pouvwa sou tout moun, poutèt yon sèl moun. Men kounye a, gen anpil moun ki resevwa gras Bondye a, kado Bondye fè pou l fè moun vin jis la. Moun sa yo gen pou yo viv pou yo ka renye sou lanmò pa mwayen Jezikri.

18 Kidonk, peche yon sèl moun lakòz tout moun kondane. Se menm jan an tou, yon sèl bon bagay Kris fè a, sa fè yo tout vin jis devan Bondye. Se sa ki fè yo tout vin jis devan Bondye epi yo resevwa lavi toutbon an. 19 Yon moun te dezobeyi Bondye, sa fè anpil moun vin peche. Men se menm jan an tou, yon moun obeyi Bondye epi anpil moun ap vin jis devan Bondye.

Matye 4:1-11

Satan tante Jezi

(Mak 1:12-13; Lik 4:1-13)

Apre sa, Sentespri a te mennen Jezi nan dezè a pou dyab la te ka tante l. Apre Jezi te fin pase karant jou ak karant nuit, san l pa goute anyen, li te byen grangou. Lè sa a, dyab[a] la te pwoche bò kote Jezi epi li di: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, di wòch sa yo pou yo tounen pen.”

Lè sa a, Jezi reponn li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Lavi lòm pa depann sèlman de pen. Li depann tou sou tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye.”[b]

Apre sa, dyab la mennen Jezi nan Jerizalèm, Lavil Sent lan, epi li mete l sou youn nan pwent ki pi wo nan tèt tanp lan. Li di Jezi: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, lage kò w anba, paske Bib la di:

L ap bay anj li yo lòd pou yo veye sou ou.
Epi y ap pote w nan men yo,
    pou pye w pa frape nan wòch.”[c]

Jezi reponn li: “Men sa Bib la di tou: Ou pa dwe tante Senyè Bondye w.[d]

Apre sa, dyab la mennen Jezi sou tèt yon mòn ki wo anpil, epi li montre l tout wayòm sou latè ak tout bèl bagay ki ladan yo. Li di Jezi: “Si ou met ajenou nan pye m, epi ou adore m, tout bagay sa yo pou ou.”

10 Lè sa a, Jezi di li: “Rale kò w sou mwen, Satan! Bib la di: Ou va adore Senyè Bondye ou. Se li menm sèlman ou dwe sèvi.[e]

11 Apre sa, dyab la pati kite l. Epi anj Bondye yo te vini pou sèvi Jezi.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International