Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Nou te wè laglwa Kris la
16 Paske, lè n ap pale sou pouvwa Jezikri genyen epi lè n di l ap retounen, nou pa rakonte istwa ki pa verite a, bagay moun envante ak pwòp entèlijans yo non! Se wè nou wè grandè li menm ak de grenn je nou. 17 Jezi te resevwa onè ak laglwa ki soti kote Bondye, Papa a. Lè sa a, li te tande vwa Bondye ki gen grandè ak laglwa a ki te di: “Sa a se Pitit Gason mwen, Pitit mwen renmen an. Se li menm ki fè kè m kontan anpil.” 18 Epi nou te tande vwa a. Vwa a te soti nan syèl la, lè n te ansanm ak Jezi sou Mòn ki apa pou Bondye a.[a]
19 Sa fè n vin gen plis konfyans nan pawòl pwofèt yo. Nou byen fè, lè n bay pwofesi yo anpil enpòtans. Yo tankou yon lanp k ap klere yon kote ki fè nwa, jouk li prèske jou, tankou lè zetwal bajou kase a pote plis limyè nan kè nou. 20 Sa ki pi enpòtan, se pou n konnen pa gen okenn pwofesi nan Bib la yon pwofèt ka bay ak pwòp konpreyansyon l. 21 Paske, pa gen okenn pwofesi ki soti nan sa yon pwofèt te anvi di. Men se Sentespri Bondye ki pouse moun bay mesaj ki soti nan Bondye.
Kèk nan disip yo wè Jezi ansanm ak Moyiz epi Eli
(Mak 9:2-13; Lik 9:28-36)
17 Sis jou apre sa, Jezi te mennen Pyè, Jak ak Jan sou yon tèt mòn byen wo. Se te mesye sa yo sèlman ki te avèk Jezi. 2 Epi, devan disip yo li te kòmanse transfòme. Figi l te klere tankou solèy. Rad sou li t ap briye tankou limyè. 3 Epi, men Moyiz ak Eli vin parèt devan disip yo, epi yo t ap pale avèk Jezi.
4 Lè Pyè wè sa, li di Jezi: “Mèt, li bon pou nou ta rete isit la! Si ou dakò, m ap monte twa tant[a] isit la: youn pou ou, youn pou Moyiz, youn pou Eli.”
5 Pandan Pyè ap pale konsa, yon nyaj klere vin kouvri yo, epi yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li toujou fè kè m kontan. Tande l lè l pale!”
6 Lè disip yo tande vwa a, yo te tèlman pè yo tonbe fas atè. 7 Jezi pwoche bò kote yo, li touche yo epi li di: “Leve, nou pa bezwen pè!” 8 Lè yo leve tèt yo, sèl moun yo wè devan yo se Jezi.
9 Pandan y ap desann mòn nan, Jezi di yo: “Pa di pèsòn sa nou te wè sou tèt mòn nan. Tann jouktan Pitit Lòm nan leve soti vivan nan lanmò.”
Copyright © 2017 by Bible League International